Aprè rakont mwen semèn pase a ak reprezantan plizyè anbasad nan peyia.
Mwen di yo klèman gen moun ki gen sanksyon ki nòmal e gen moun ki gen sanksyon fòk yo ta revize ka yo
M mande yo pou kisa Moïse JEAN CHARLES ki fè kraze peyia nan vyolans poko janm gen sanksyon
Dosye a swiv
Map mande pèp la rete Tèt frèt nan dosye pou yo jwenn kòb yo an dola USD jan yo te depoze li nan Bank yo,nan Unibank.
Gè sa fèk kòmanse nap fè pouvwa an kasasyon e gen fè nouvo,ke nouvèl infraksyon ki te pwodwi aprè 1er plent lan sa vle di nou pral pote ankò yon lòt plent C.I
Ayiti rive yon kote la,li pa dwe desann pi ba,twòp tranzisyon,tranzisyon sa ta dwe dènye tranzisyon nan peyia.
Se rezon sa aprè plis ke 20 ane politik aktif,mwen resi siyen yon PAK ak plis ke 17 lòt pati politik alyem ak PM Alix D. Fils-AIMÉ,kote nap swiv de trè prè pou pèp la.
Tout manm Cpt,Tout minis,tout Dg ki konnen ou te nan Leta oubyen ou nan Leta ou konnen ou te manje lajan Leta mal
Menm ke ou wèm poko diw anyen gen bon ti pawòl mwen pral fèw di devan lajistis ak pèp la.
Mwen pap kite laviw an pè ak tout fanmiw pandan 20 ane tout tan yo pa aretew
Bonjou /Bonswa tout moun nan peyia e nan Diaspora di mr Polyte MACSONNE ki se prezidan pati politik de la<< Diaspora Haitien>> pou li rantre an kontak ak mwen an ijans.
Bay madanm li,pitit li,fanmi li mesaj sa pou mwen se plis ke ijan.
Map di ak pèp la mwen ANILE 2 SIT-IN mwen te anonse yo,youn devan UNIBANK e lòt la devan Kou Dapèl pòtoprens nan kad dosye mwen ak dirijan Unibank yo pou yon lòt dat Mwen poko fikse.
Mèsi.
Lanmou pou ayiti.
20 Janvye 2026 ekip la ap redemare batay la pou byen pèp la
Pap gen pyès akò kap reflete volonte mas Popilè a si Blòk Avoka pa ladan e si sa pa fèt pèp la ap konsteste li
Se pèp la kap di sal vle pou 7 fevrye 2026 la.Tout CP,tout Minis,tout DG,tout moun ki te nan vòlè tann mwen
Mèsi ak tout moun ki te kwè e ankourajem nan batay mwen tap mennen pou ane 2025 lan e mèsi tou ak tout sak tap kritikem yo paskem aprann kèt bagay de yo tou.
Ane 2026 la batay kont koripsyon,kont trafik ògan,pou pèp la jwenn kòb li an dola usd , kont vye politisyen,ap kontinye.
Map travay anpil sou dosye ki gen pou wè ak BNC a kote yo indexé 3 CP,gen yon pwoblèm nan dosye sa,mwen toujou di nou DG ULCC se pi gwo vòlè e kowonpi peyia pa janm konnen.
Daprè ankèt fyab gen nan 3 CP,yo mete nom yo nan rapò a ki pat la vre e gen yon CP ki te la yo retire li.
Jodi madi 23 desanm nan,nap tann frè ak sè Jounalis nou yo nan pakè a ak 10h am pou yo vini kouvri yon final jiridik kap fèt nan dosye Betty Lamy,Moïse Jean Charles,Watson Sanon elatriye ,Dosye Trafik ògan nan.
Nap tou pale de sa kap pase nan peyia e bay pozisyon nou.
7 Fevriye.?
Pèp ayisyen jodia peyi nou rive yon kote si nou pa pran responsabilite nou generasyon kap vini yo ap ba nou chay pote.
Moman an rive moun ki renmen ayiti yo ann mete nou ansanm san ipokrizi.
Ann lanse kongrè Nasyonal la.
Rele sou 38134476 la pou nou diskite e planifye li.
Pèp ayisyen jodia peyi nou rive yon kote si nou pa pran responsabilite nou generasyon kap vini yo ap ba nou chay poto.
Moman an rive moun ki renmen ayiti yo ann mete nou ansanm san ipokrizi.
Ann lanse kongrè Nasyonal la.
Ann rele sou 38134476 la pou nou diskite e planifye li.
Nan tout peyi nan mond lan PÒ yo jwe yon wòl inpòtan pou ekonomi peyia,gen Evens CHARLES ki se DG APN.
Misye sòti pou li koz APN fèmen nan peyia
Pou koripsyon e lòt bagay.
Konesan misye nou konnen li pa gen kapasite pou anpeche sa rive peyia parapò ak delè 90 Jou misye genyen
Ankèt sou dosye zangi a,kote gen trafik ògan kap fèt nan sektè sa ap kontinye,gen lòt moun nan sektè sa ki nan Trafik ògan ak lòt krim transnasyonal.
Moun sa yo pa dwe rete Trankil.
Nou pral idantifye yo,byen yo,epi mande ONU mete yo sou sanksyon.
Nou pral pote plent kont yo .
Pifò FIRM ki manje lajan PETRO CARIBE a se menm FIRM sa yo ki manje lajan FNE a, $ 1.50 dyaspora,etc.
Dg ULCC a,ki rele Hans L. JOSEPH pran gwo lajan pou li pa janm Travay sou rapò sa
Li sèlman pale de 31 ka sibvansyon ki baze sou 4 mwa
Li pa manyen FIRM yo e pyès lòt bagay ankò
Map mande arete nan dosye FNE a, Jean Ronald Joseph,Déus Deroneth,Taisha anna Melissandre St Remy,priscille Mazile MILORD,Ashley Jean Joseph,Distey phanord Joseph,Recilor Fede,Georges lymborbe elatriye.
Dg Ulcc a se pi gwo kowonpi,li pa vle travay sou dosye FNE a li pran lajan
Map mande prese,prese pou yo mete Interpol dèyè Marie Taïssa MAZILE (chèf Taïssa)ki pa nan peyia la,ki ta dwe rantre nan Week-end sa.
Map mande ak pèp la pou ale wèl epi remèt li bay lapolis pou lajan FNE a.
Mw Jire sou vim lap arete.
Map anonse yon sit-in,no 8,catalpa 6,delma 75
Mwen egzije arestasyon san pèdi tan kowonpi,fosè MARIE TAÏSSA MAZILE Alyas Chèf TAÏSSA ak tout lòt yo,ki kase kès FNE.
Mwen konnen EMMANUEL JULES pral rele minis jistis ak lòt moun nan pouvwa pou ou tou dil sa pap mache.
Dosye FNE a se dosye pèp la.
Nou pral lanse sit-in pou sa.
Demen madi mwen pral kontinye bay Moïse Jean Charles ak Betty Lamy padon Jiridik nan tribinal 1ere enstans p.a.p lan.
Map gen poum pale tou de rapò FNE ki baze sou 4 mwa sèlman,ki gen 7 paj ki pale de sibvansyon sèlman
Dg ULCC,Hans Joseph se pi gwo kowonpi.
Map tann tout Jounalis
Demen lendi kap 8 desanm 2025 ak 10 h am,sak pral pase nan tribunal 1ère instans p.a.p lan se pou 1er fwa sa nan tout istwa lajistis sa pral pase.
Kote me Jean-Baptiste pral bay yon leson jiridik ak Moïse Jean Charles epi Betty Lamy,moun trafik ògan yo.
Nap tann TOUT JOUNALIS YO