Nèg yo boule anfans mwen, yo boule jenès mwen, epi Jodia m'ap batay pou anpeche yo boule vyeyès mwen sa fèm sovaj ? Antouka mesaj la klè, #ESKLAV pagen #CHAN#KANN, se Jodia ou Jamè pou 5 ti fanmi ki gen 95% richès peyi a ogmante ou ranvèse pou gen yon meyè repatisyon de richès,
Katedral de Paris pran dife, mond lan boulvèse pske loksidan panse se te yn gwo pèt e sou baz sa anpil rich gentan mobilize anpil kòb pou rekanpe katedral la.Ayiti sa te fè gwo tole nan radyo;Poutan poumon mond lan @mazoni anba dife, Pagen menm eko a e medya pa pale de sa.Domaj!
@rutshelle Atis sa telman se Atis pam pagen sal mete ki pa ale avèk li, yon Atis kem renmen anpil... Mwen aprann renmen li pou kouraj li.... Elle est une Femme avec grand F....Love you epi ou ht chevew se pou ou li ye
Èskew te Konnen PETWOKARIBE pa fini sou PRIVERT ? Eskew te konnen gen #48MilyonDola ke administrasyon #JovenelMoïse la dwe rann kont sou li ? Paske yo te itilize #18Milyon kite rete nan #33Milyon PRIVERT te kite, plis #30Milyon ki dekoule de #3Kagezon ki vini sou Adm JMoïse.
Menm Jou Bwa #Kitanago a brile lakay mwen nan Wanament, se menm Jou sa Senatè #Saurel#Jacinthe dechennen, mande anraje Pou deklare kel pap sipòte Pouvwa PHTK a ankò li pase ofisyèlman nan Opozisyon. Sanble bwa sa te peze lespri anpil moun vre wi.
Simon Dieusel DESRAS, Kelly C. BASTIEN, Ronald LARECHE, Youri LATORTUE, Joseph LEMBERT, Tout se Ansyen Prezidan SENA a, Tout gen #DECHAJ. Sou Ki Baz #Fourel#CÉLESTIN Ki se Ansyen Prezidan SENA a tou malgrel genyen Rapò de #KARANS Ki soti sou dosyel depi 2012 Nou pa bal DECHAJ?
Ansyen Prezidan SENA a Fourel CÉLESTIN fè demand #DECHAJ li 24 Me 2012.Swit a demand li, SENA a ekri CSC/CA Pou vin @odite sou Jesyon li. E kòm menm SENA a an difikilte Pou founi dokiman a Koudèkont vu a tranbleman 12 janv kite kraze lokal Palman an, KOU a bay yon Rapò de karans
Sosyete sa nou telman ipokrit!!! Nou Tout konnen deklarasyon #PashaVorbe la se Pozisyon Fanmi Lavalas, e Pozisyon Fanmi Lavalas se Pozisyon lidè a kise #JeanBertrandAristide. Nou fè kòmsi nou pa konnen sa epi nap manje Pasha Vorbe paske tousenpleman nou Tout pè endekse ti pè a.
Se Konfime Ke #SOLA ak 2 ti reyaksyonè #OEA yo te rantre nan menm Avyon kise #American#Airlines e ateri nan menm Vol kise #AAA903.
Bon Mwen Konnen Chrispin te di SOLA pa ladanl, men sal tap fè nan Vol sa ?
[email protected]
Mouvman #KOUKOUWOUJ Sipòte 400% Pwopozisyon Sòti de kriz Opozisyon an Ofri bay Nasyon an, e Nou deja mobilize poun lage @Koukouwouj dèyè Tout nèg k'ap tante wè si ya kenbe JOVENEL ki deja nan lespril an ekzil, se kòl ki AYITI.
@KOUKOUWOUJ dèyè Tout sak pa bon
Ou ka repwochel de tout Bagay ou vle, mwen menm tou mwen konn kritikel paskem gen problèm pam avèl. Men, Senatè #Joseph#Lambert seyon ELEGAN Politik.Donk, mw byen kontan kew ankouraje tout moun ki epengle nan Rapò CSC/CA lan pran chemen LAJISTIS.
1000 Lèt deja redije, 500 ap redije, sa ki fè yon total de 1500 #Anplwaye Chanm DEPITE-A pral jwenn #REVOKASYON yo Pou al ogmante lis chomè yo. Selon enfòmasyon nou, moun sa yo pap menm touche mwa me a ke yo dwe yo e nan processus koupe chèk yo nan finans.Pagen kòb pou anplwaye.