Radio télédiffusion, Formation et consultation en communication et marketing, Gestion des réseaux sociaux, production de spots publicitaires, de musiques, ect.
Nicolas Pierre Rolin, anpil nan nou konnen sou non #Alcibiade mouri 21 janvye ki sot pase la a 83 lane ,daprè sa moun ki pwòch li yo fè konnen.
#waymediagroup
Atis Wiliadel Denervil ba ou randevou pou Dimanch Dye voulan ki ap 16 Janvye a pou nouvo mizik li k ap sòti ak tout videyo ki titre “ OU TOUJOU LA ".
#waymediagroup
@BelleImageplus inogire yè jedi 11 novanm 2021 an yon estidyo nan Enriquillo, Las Americas nan RD.
Plizyè pèsonalite te reponn prezan nan inogirasyon sila a nan lide pou sipòte travay ekip sila ap fè nan RD.
Yon ekip Way Média te sou plas pou kouvri aktivite sila a.
#waymedia
Mèt Bed-Ford Claude ki se Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, envite Premye minis la, Ariel Henry madi 14 sektanm kap vini la nan pakè pòtoprens nan lide pou l vinn reponn kesyon sou konvèsasyon l te genyen avèk Joseph Félix Badio, ki se prezime kriminèl nan lanmò ansyen prezidan.
Bandi ak zam touye Jose Pablo Sylvain jodi jedi 9 septanm 2021 an nan Santo 17.
Antreprenè a te vis prezidan ANAPROSS ( Association nationale des propriétaires de stations-service).
#waymediagroup
Konsèy elektoral pwovizwa (@cep_haiti) a sòti lis pasyèl pati ak gwoupman politik ki kenbe pou patisipe nan eleksyon k ap vini la yo.
Yon tiraj o sò pou bay nimewo ak chak pati oubyen gwoupman politik yo ap fèt nan pa lontan.
#waymediagroup
Bed-ford Claude ki se Komisè Gouvènman pòtoprens lan, ekri yon lèt pou mande konpayi @DigicelHT pou retrase tout apèl telefòn ki pase ant Joseph Félix Badio ak aktyèl Premye minis lan @DrArielHenry , soti 1e pou rive 15 jiyè 2021.
#waymediagroup
Ensekirite.
Bandi ak zam brake maestwo Koral DEG la, @DavidMorinvil ,nan Dèlma 56 pandan l t ap sòti labank jodi madi 7 septanm 2021 an, yo pote ale tout sa l te genyen sou li.
#waymediagroup
21 septanm se dat ki kenbe pou lekòl relouvri nan depatman ki pat touche pa tranblemann tè 14 Dawout la epi 4 oktòb se dat ki kenbe pou lekòl relouvri nan gran sid peyi a, daprè dènye desizyon gouvènman an pran apre konsèy minis ki fèt jodi jedi 2 septanm 2021 an.
#waymediagroup