Le Viaduc de Delmas devrait couter $6 millions USD sous René Préval. Ce même viaduc coûte $21 millions USD sous le gouvernement #Martelly-#Lamothe.
#Haïti 🇭🇹#CORRUPTION ❌
Jan w wèl ap fèl lan
Se job wi lap fè
Se de saw wè a la li viv wi😂
Depiw g on ti kob
Jere l lap pale pou wou 😀
Sa se lèl tap fè Job pou Yves Leonard😂👇🏾
Vivansanm se eritaj enkonpetans ak neglijans Jovenel Moïse. E lamò l se rezilta menm enkonpetans ak neglijans li kòm chèf leta.
Jodia blofè enkonpetan ki te antoure l yo, Ayisyen ki sansib a mò ap di w li te Dumarsais Estimé 2.0. O l se yon Viktim.
Viktim nan Kisa?
Bann san Nanm!
Des militaires des Forces Armées d'Haiti (FAd'H @forcesarmeesht) et un agent du SWAT (GIPNH) lors des opérations de sécurité à #Gressier.
Il semblerait qu'un des soldats avait été touché au gilet pare-balles. Mais d'après les images, il est ok.
Les FAD'H sont sur le terrain: ils sont mobilisées, se battent et sacrifient pour le pays.
Merci et courage à tous nos militaires, ainsi qu'à nos policiers.
Que Dieu bénisse et garde la force publique. (FAD'H + PNH) 🇭🇹
Image : Radio Télé m Soulouqueoise
@MDefenseHT@pnh_officiel@DGParaison #FADH #PNH #Haiti #HaitianArmy #EjercitoHaitiano #Army #Ejercito #Haitinews #Defense #Security #antiterrorist #narcoterrorism #waronterror #antigang #operations #FuerzasArmadas
Mwen konprann jèn ki pa wè avni yo ann Ayiti e k ap reflechi pou yo ale. Sitiyasyon peyi a pa fasil.
Men li enpòtan pou nou kontinye devlope kapasite nou, pou nou patisipe nan desizyon ki konsène avni nou ak avni peyi a.
#OB#ayiti
Konbyen tan yon peyi ka kontinye fonksyone san enstitisyon lejitim ki pou egzèse kontwòl sou aksyon Leta?
Absans Palman an pa yon senp vid politik. Se yon vid enstitisyonèl ki gen konsekans dirèk sou fonksyònman Leta : dekrè ranplase lwa, bidjè Leta pa jwenn apwobasyon reprezantan pèp la, aksyon gouvènman an pa sibi kontwòl palmantè.
Chak ane reta nan pwosesis elektoral la gen yon pri pou peyi a : li pwolonje kriz enstitisyonèl la, febli kontwòl demokratik sou aksyon Leta epi agrave defisi lejitimite enstitisyon piblik yo.
Pòs sa a te fèt an Me 2025 pou nou te salye dimansyon lidèchip ki lakay Majistra Jean Massillon. E si w gade kantite “engagement" anba pòs la w ap wè anpil moun dakò ak remak nou te fè sou majistra a.
Jodia avèk anpil tristès nou aprann Majistra a kite nou. Se yon pèt ki pi gwo ke sa yon moun te ka panse.
Majistra Jean Massillon se yon modèl lidèchip ki pat gen gwo mwayen men ki montre volonte ak konesans kapab fè gwo diferans nan yon kominote.
Youn nan pi gwo regrè nou genyen se lefèt ke nou pa gentan pase 2 jounen ap filme fason li travay ak jan li devlope lidèchip li andan kenscoff poutan li te dakò pou l te fè sa avèk nou.
Nou te vle mete limyè sou mòd travay sa yo pou nou ka enspire jenerasyon k ap vini yo.
Nou espere jwenn ase achiv ak temwayaj pou travay sa a arive fèt. Yon travay memwa pou majistra Jean Massillon, yon travay ki pou pèmèt lòt majistra ak tout sosyete a tire bon egzanp.
“Quoi faire pour sortir Haïti du chaos?”
se sou kesyon sa a yon gwoup etidyan Quisqueya ak UEH te envite m debat avèk yo.
Peyi a malad anpil. Se sèl nan yon kowalisyon tout patriyot anndan ak nan dyaspora n ap jwenn yon chans mete malad la kanpe.
Nou envite Jenès la asime plas santral li genyen nan konba sa a. Sitou lè angajman l chita sou 3 woch dife sa yo: Entegrite-Konpetans-Patriyotism.
Jèn ki te nan echanj sa yo avek mwen an sou bon chimen an.
Depi sou Ariel Henry, aktè ak pwotagonis politik yo antre nan yon sik enfènal kote tranzisyon vin nòmalize kòm sèl espas batay konkèt pouvwa san eleksyon.
E se la danje an chita paske sèl kote pou batay konkèt pouvwa fèt se nan ELEKSYON !
Nou pap bay tèt nou manti, wi ensekirite a reyèl nan lavi nou chak jou paske nou tout viktim anba l, sou yon fòm ou sou yon lòt. Sofke, si nou chita ap gade sa sèlman pou di eleksyon pa dwe òganize, tranzisyon ap etènèl, kote chak 2 ou 3 lane, nap chanje figi moun yo, men sik la ap rete menm.
Depi 5 lane, tout otorite tranzisyon ki pase yo gen menm konpòtman : pwomèt sekirite ak eleksyon, epi alafen sèvi ak menm kesyon ensekirite sa pou rete sou pouvwa pi lontan posib, fè ase lajan pou asire res lavi yo – menm lè nou ta vin ranplase yo aprè on 2,3 zan.
O final, pèsonn pa bay rezilta. Dayè yo pa dwe nou sa nonplis paske se pa yon manda popilè ki mete yo o pouvwa, men pito favè sikonstans ak enterè yon ti gwoup politisyen malveyan.
Jounen jodia, nou dwe egzije eleksyon avèk tout enpèfksyon pwosesis la ka genyen pou kounya, pandan nap asire yon minimòm senserite ki akòde ak reyalite teritwa an pandan pwosesis la. Li pi fè sans pase ti pass kout tranzisyon kap fèt depi aprè 7 jiyè 2021.
Nan yon refleksyon mwen pibliye nan @nouvelliste, nou kapab li kèk eleman mwen avanse pou soutni konviksyon mwen nan sans sa. Men lyen an : ⤵️
🔗 https://t.co/ncINSc4rV4