Ti moun nan dwe aprann renmen peyi l e respekte regleman li. Ti moun nan dwe aprann pwoteje fanmi, zòn kote l ye a epi peyi nan yon pi gwo echèl. Aprann ti moun yo responsab.
Kreye desen anime an kreyòl sou tout sa nou yo konnen, sou divès domèn.
M anvi wè gen yon konsyans nasyonal sou kriz edikasyon elèv ak inivèsitè nou yo. Se tout bon nou pa ka panse yon sistèm esikatif Ayisyen? Se pa serye pou ti moun ap etidye tout pati yon flè lorye roz genyen pandan li ta ka konn pito yanm li sot manje a nan chak pati li.
Anseye listwa enpòtan anpil. Aprè listwa sou lendepandans lan nou pa fè ase pou ta fè nou twò fyè sou plan jeneral. Men nan zòn nan, nan komin nan, nan depatman gen moun ki fè anpil bon bagay ke ti moun ta ka aprann de yo. Pou move bagay, n ap jwenn sa twò fasil.
M fèk ap reflechi sou yon bagay la. Ak tout inyorans, mwen pa konnen metòd Akademi Kreyòl Ayisyen an. Kòm lang Kreyòl la manke rich nan yon seri domèn syantifik, gen yon aspè enpòtan m kwè ki ka itil.
Savledi mo yo la. Pou mwen, Akademi an ta dwe chita epi brass senti l anndan kominote yo san eksepsyon. Mo, tèm, konsèp… ou ka rele yo jan w vle, yo chita nan nannan kominote a. Kit lavi l oubyen nan lòt zòn moun konn gou lavi ak libète yo, pawòl yo la.
Avèk tren sanksyon sa yo, ki selon mwen poko gen enpak konkrè. Nou pral sètènman viv pi gwo asosiyasyon kòwonpi peyi a pa janm konnen. Politisyen ak moun ki gen lajan (sanksyone) kreye pwòp sendika pa yo o detriman de yon peyi kap peri.
KENYA - Plusieurs écolières du lycée pour filles St. Theresa's Eregi hospitalisées pour une maladie mystérieuse. Les rapports indiquent que la plupart des étudiantes ont les jambes paralysées et qu’elles sont incapables de marcher.
Si sevre fòs miltinasyonal la ap rantre, pou move sansasyon m wem gen la, m t ap swete leta Ayisyen mande ONU yon komisyon kontwòl avèk tout rigè posib sou misyon an.
M tap mande pou misyon an gen 5 peyi ladann: Brezil, Risi, Kiba, Venezyela ak lachin.
@richardsenecal Se moman pou leta pwofite fè bon jan verifikasyon sou kalite pwodwi k ap soti kay vwazen epi pran bon jan mezi nan sans lan.
Antre tan fwontyè a ap rete fèmen. Fòn retire ilizyon sa ki nan tèt yo a.
Kisa la lwa peyi d'Ayiti di sou kesyon kalite pwodwi k ap rantre nan peyi a?
Kisa lwa sou fonksyònman komès mondyal la di sou kesyon sa a?
M pat bezwen li nan gwo liv poum konprann leta peyim pa pran okenn mezi pou enpeche nou konsome betiz kap enpòte.
Li enpòtan pou nou pwofite fòse leta a kontwole kalite pwodwi k ap soti kay vwazen an epi bloke tout konpayi, pwodwi ki pa reponn ak nòm yo.
Vi nou an danje!
@PetersonBNoel Se sèten leta peyi Ayiti pa ankouraje, pwoteje epi akonpanye antrepriz lokal yo sou oken fòm. Sitou si yo nan kesyon pwodiksyon.
Nou pa gen dwa dekouraje malgre leta ka pa bannou lòt chwa.
M sot ap gade maraton moun wanament yo ap fe nan lari a. M wè yon seri granmoun, ti machann m pa menm kwè ki fè 500goud pou jounen an ap bay sa yo genyen podyab. Nou pa yon move pèp vre tande. Solidarite, tèt ansanm se sèl zèl kat nou genyen
#kanalliyetonton