🚨M panse Moman obsèvasyon Nèg Kenyan yo fini
Nou pra l bezwen leve nan bouda yo swa yo kanpe pou konbat gang,si yo pakapab ke yo bay Peyi a
M pa vle pyès Ayisyen panse nèg yo se èd yo vin bay
Se Travay yo vin travay, y ap touche sou Do Ayiti
pandan pòch polisye nou yo blanch
Mr. Pt @realDonaldTrump@WhiteHouse@elonmusk We urge you to take measures to prevent the trafficking of weapons and ammunition into Haiti, particularly through the Dominican Republic. These flows fuel violence and endanger the safety of the Haitian population.
An Ayiti gen 3 tip prizonye :
1- yon gwoup ki se bandi Asasen ki kondane k ap tann prizon kraze pou sove
2- youn ki fè yon ti bagay lejè ki ta dwe pran 3 mwa , 6 mwa prizon fèmen l pandan 10 ans san jije, nou fè l gen menm espwa ak bandi an ap tann prizon kraze
3- dènye a se Inosan ki pa konn sa l ap fè la, ki sou 10 ans prizon san jije, li menm tou gen menm espwa ak Bandi an tann prizon kraze
Donk jou prizon kraze, nou gen Chans jwenn tout moun sa yo lage nan bandi paske inonsan p ap pot tèt li vini ankò fasil
Donk n ap viv nan yon peyi kote menm Jistis la ede Peyi a peple gang 😩😩😩
Pifò Animatè Radyo ki t ap rele Viv malpwòpte ki rele Martelly a
Aktyèlman la yo tout USA ap kontinye ti Emisyon yo
Men sa yo di nan kè yo “ gèt manman pèp la “
Bravo Mesye 👌🏽👌🏽👌🏽👌🏽👌🏽👌🏽👌🏽👌🏽
1-Plis ke 5 mil prizonye ki te sove Penitansye+Kwadèboukè
A-kote y ap viv kounya ?
B-konbyen ki pot tèt yo vini?
C-konbyen lapolis rekipere?
2-Prizon kraze Mibalè
A-Kote yo pral viv?
B-Èske y ap pot tèt yo vini?
C-sa yo pral devni?
Nou pa konn nan kisa Ayiti pran la😱😫