•Siw wè yon moun edew pandan’w konnen li pa genyen, sa pa rele èd… li rele lanmou❤️
•Aprann bay valè ak ti jès yon moun fè pou ou, anpil fwa moun ki lonje men ba ou an pa gen pèsòn kap lonje men ba li.
#ontipale!👌
•Pa janm kite depresyon ak tristès retire lajwa ou paske ou se yon moun ki gen yon bèl nanm, pa kite move lavi fèw bliye kiyès ou ye🙅
Rete moun ou ye a, Pa janm abandone, ou merite pou briye tankou lalin lan
#Pran pasyans epi pran swen tèt ou.❤️🫂
#bonmomanyopalwen!
12/12 thanks God!🙏❤️
•Soti janvye rive jodi a premye desanb, gen moun ki mouri, gen sak malad, gen sak fè aksidan e genyen se nan oksijèn yo ye😔🖤
•Malgre sa God lan pa sispann proteje'm, beni'm, se pa bon m pi bon pase lòt moun yo men se gras...mèsi Papa!🙏
•Pafwa ti kras ou jwenn nan men yon moun vo plis ke milyon yon lòt ka ofriw, paske ti kras moun lan ba ou an se tout sal posede👌
•Aprann apresye efò yon moun fè pou ou.❤️
#Ontipale✓
•Ou jwenn anpil obstak pou dekouraje sou wout ou deja e jiska prezan ou debou pou batay pou rèv ou, ou pa bezwen moun validew🙅♂️
•Deklare sou tèt ou kew son ERO ou son KONBATAN💪 nap kontinye fè sa nous renmen❤️ pandan nap batay pou sa nou bezwen... Mantalite Èg!🦅
#Ontipale✓
Vi sa son konba ki mande anpil fòs✊ nap kontinye fè rezistans san nou pa konn kilè nap tonbe🚶♂️e nap di God lan mèsi paske'l ba nou chans pou'n wè yon lòt jou ankò🙏 nou pa pi bon ke lòt yo men svp kontinye beni pitit ou.🙏🛐
#Napfèrezistans!✊
Nou bouke ak bribal ki pran plas chan kòk yo.
Nou bouke wè san Frè'n kap koule nan rigòl yo.
Pandan yap vyole, masakre ti sè'n yo gon dal ti vouzan kap depanse milyon nou yo nan bwè kafe.
Nou bouke viv tankou etranje sou pwòp tè'n, li lè pou'n di Sètase.🤦🖤🇭🇹
Nou mande Jistis!!
•Amitye defini anpil bagay nan vi nou👌
•Aprann chwazi zanmi ki pap itilizew, ki pap repwochew, ki pap vin pran sèlman pou li ale men kap toujou la pou ou😊, pou edew, ankourajew, motivew💪
•Yon zanmi kap mete sal genyen ak paw pou nou ka rive pi lwen........
#Ontipale✓