Bon fanm toujou pran swen pawòl li. Li konnen sa l di gen pwa, e li chwazi mete respè, sajès ak refleksyon nan chak fraz ki soti nan bouch li. 💬✨ #Yaquetoi
Lèw vle devni yon antreprenè ak siksè premye Bagay ou dwe konnen se aprann li yon dokiman ki pale sou "Finans, Antreprann, Kreyasyon, Inovasyon" mnm 1h chak jou nan viw. Tande moun ki reyisi nan sektè ou vle evolye a, pran ti tan fòme yon bon rezo epi swiv yon gid. #Freeformation
Malgre anpil fanm ayisyèn sibi vyolans seksyèl ak domestik, sosyete a kontinye fèmen je sou pwoblèm sa a. Envestigasyon J-KED 7 revele ke 80% nan fanm yo te fè eksperyans sa a, men anpil nan yo chwazi rete an silans, pa rapòte sa ni jwenn èd. @Mrdoras06
Lè wap lanse w pou premye fwa nan biznis toujou bat pou w pa fè erè sa yo : Kreye pwojè ak moun ki pa konsistan, Lanse plizyè pwojè yon sèl kou, Chwazi move envestisè, pa defini yon plan jiridik ak administratif ki mal estriktire. Toujou chwazi yon ekspè pou ede w fè plan biznis.
Relasyon pa mouri lè lajan fini…
yo mouri lè respè pa la ankò.
Lè w pa respekte pawòl lòt la, silans li, doulè li, ou deja kraze relasyon an. Lanmou ka sipòte mizè, men li pa sipòte imilyasyon.
👉 Vrè kesyon an pa konbyen nou genyen, men kijan nou trete youn lòt. @Mrdoras06
Evite kwè se yon nouvo ane kap chanje sitiyasyon w, ekri yon lòt paj istwa nan lavi w. Se ou ki dwe panse avèk nouvèl oryantasyon ak bon jan motivasyon ki kapab ede reyisi kèk nan rèv ou yo pandan 12 mwa a. Fè jefò pou w pa rete nan ke kamyonèt la men pou w jwenn plas pou chita.
Konpayi telefonik mobil Natcom fè gwo jefò nan sipò lap bay seleksyon nasyonal la pou tèt yo kalifye pou mondyal 2026 aprè 52 lane absan nan konpetisyon majè sa, li deside ankouraje jefò grenadye yo avèk yon chèk ki evalye ak 13 milyon Goud. Yon siy ki montre lanmou pou espò. 🔥
“Kè w ka brize, men li pa janm sispann merite yon lanmou ki dous. Pran fòs ou… pi bèl jou yo poko vini.”
Ou sipoze aprann de Saw viv grandi nan esperyans yo men se pa abandone.
#motivation#inspiration
𝐌𝐫. 𝐃𝐨𝐫𝐚𝐬
Balon pral kontinye woule, boul pral kontinye bwase nan peyi Etazini, Meksik ak Kanada kote Ayiti pral jwe pou l chanpyon koup dimond pami 48 nasyon diferan kap gen pou choute yon sèl balon won.
#quotes#inspiration#WorldCup2026
𝐌𝐫. 𝐃𝐨𝐫𝐚𝐬
Une victoire méritée pour l'équipe haïtienne pour s'assurer leur présence en terre américaine, Canadienne et la Mexicaine lors du mondial 2026, en inscrivant l'unique but par l'attaquant Haïtien Frantzdy Pierrot sa sélection a recouvert d'espoir pour la coupe du monde. @Mrdoras06
REC Screen Recorder, se yom aplikasyon ki pèmèt ou anrejistre ekran telefòn ou pandan wap fè yon bagay oubyen yon enfòmasyon ou vle pataje sou ekran telefòn ou an. Li bay aksè ak voix off 📴 tou. Li pa yon maji lèw wè moun ap pataje sa yo gen sou telefòn yo. Jis al teste l. @D7
Ou se yon moun ki pa renmen chache aplikasyon prefere w twòp, sa vle di aplikasyon ou sèvi avèk plis la.
Epi vin nou moutre w kòman w ka mete l yon kote byen fasil pou w jwenn li lèw bezwen l.
Si'w vle aprann zouti sa yo byen fasil vin jwenn gwoup watsap #D7 la
Eske w te konnen lèw wè piblisite ap fèt sou telefòn ou san konsantman w sa vle di telefòn ou an pirate 🦜. Ouf domaj ou pa konnen kisa pou w fè pou frennen sa e rekipere telefòn sa nan eta nòmal li. Vini jwenn gwoup D7 Private Group sou watsap kounya pou n rezoud sa ansanm. @D7