Powèt sa gen yon jan l dekri fanm anba plim li, fòtadi se Oswald Durand ki reyenkane, powèt sa gen yon fason li manye plim li lè l ap dekri fanm, fòk ou te pase kèk jou alakanpay nan peyi d Ayiti, pou w ta rive byen ranmase kèk touni langajye ki toutouni byen abiye nan tèks li.
Soti depi nan lanjelis
pou rive douvanjou
Kè m pran mande pou ou
tankou lapli k ap touye pousyè
Lè n makonnen
Pa gen zetwal ki twò lwen
ni solèy ki twò cho
Pa gen fredi ki twò frèt
ni fènwa ki twò nwa
Lè n makonnen
Nou ka pase anba fouk mèt minwi
san n p ap gen madichon
Ant powèt sa avèk vil natal li, ou pa ka pase menm yon fil koud malgre kantite espas ki genyen ant yo, tèlman plim powèt la makònen avèk zantray lakay li. Plim @ArthurSpinoza ap kriye ASWÈ A sou vil Senmak, sitou lè powèt la di :
"Chyen janbe Senmak vil la aleken" 💔
Bon lèkti ✅
Yowww @ArthurSpinoza 🔥🔥🔥🔥
Monchè, m ap bese tèt mwen pou m salye w devan bèl zèv atizay powetik sa, si m pa te powèt powèt t ap mwen kanmenm, paske san pwezi m pa anyen, m kwè nan Bondje men se nan legliz pwezi m adore l, kote plim mwen se selebran.
M pote wayòm mwen anndanm.
Si Pwezi pa t ekziste
Fòm kò w t ap kreye l
Dous
Karamèl
Sous
Myèl
Tout kò w se koub
Tèt mwen pa ka dwat
Fou
Frajil
Sou
Ekzil
Bon travèse pou je m
Ki mouri sou po w
Bon travèse pou libète m
Ki jouke nan tras do w
Pwomès se dèt e bourik chaje pa kanpe nan wout. Respèktivman, selon kimil rezilta manm jiri yo ak rezilta konsènan vòt piblik la (Sou X, IG, TikTok ak Facebook), Pwezi Libète kontan pibliye aswè a lis 10 patisipan ki kalifye pou dezyèm faz konkou powèm nan, sou tèm :
"Ayiti lank kè m detenn sou kò w".
Apati piblikasyon sa, patisipan ki kalifye yo dwe kòmanse prepare yo pou yo pataje yon dezyèm tèks avèk Pwezi Libète, selon kalandriye ki nan men yo a, pandan n ap pwofite di patisipan ki pa kalifye yo, pou yo kontinye ekri paske pèdi yon batay pa vle di pèdi lagè.
Mèsi anpil pou konfyans nou fè estaf PWEZI LIBÈTE a.
Mèsi pou tout pas dlo ou ede n travèse
Mèsi pou swaf dlo n ou souvan koupe
Mèsi lèsen lèzanj mèsi tout divinite
Mèsi tout fanmiy ak zanmi Pwezi Libète
Nan lizyè kè w kòd lonbrit nou antere
@LorvensOr avèk @lee_francklin7 ❤️
#PweziLibète#Ayitipapperi#FreeHaiti#fanmiatizay #HMI #powètlakay
🎉🎉❤️❤️🎈🎈🎉🎉🙏🏾🙏🏾🥳🥳🎉