AYITI
AYITI
AYITI
Plis y ap byen konte
Se plis y ap mal kalkile
Plis yo vle fè bliye l
Se plis l ap repete
Plis yo vle kwense l
Se plis l ap pran lajè nan B⚽⚽L figi yo
AYITI M
AYITI W
AYITI NOU.
Gen yon enfinite espès bèt nan lanati... Tout rete nan wòl yo. Yon sèl grenn Lòm fè lanati plis tò pase tout espès zannimo reyini. Epi kakatwè yo OTOPWOKLAME tèt yo siperyè. Siperyè nan kisa?
TOUT SAIGNE
Faute de feuilles
La médecine saigne
Faute de médecin
La nature saigne
Faute de civisme
La Patrie saigne
Faute de fils et de filles
La nation saigne...
#HaytiSaigne 2.0 🇭🇹
LA FOULE : "l'avenir dira le reste". Le groupe : l'argent dit tout. Quand on est réaliste, point besoin d'être capitaliste. #LaFoule#LeGroupe#Réflexion#PenséeAction
Pour signer le pacte de la délivrance de notre pays – #HAYTI, il nous faut la peau d'un traitre pour parchemin, son crâne pour écritoire, son sang pour encre, et une baïonette pour plume. #Patrie#Loyauté#Dignité
Lè poul kouve ze kodenn, li pa kale ti poul, li kale ti kodenn. Si yon bèf metba nan yon pak kabrit, li pa fè ti kabrit, li fè ti bèf. Pouki gen kèk Ayisyen, yo mèt fèt la Lagonav, gen foli fè kwè yo pa Ayisyen (?) Alòske, joumou pa konn donnen kalbas. Kote n bare ak tandans sa?
✍️Lè w te bèt : "A PRIORI" ou pran tout moun pou zanj, jiskaske l pwouve w lekontrè. Lè w vin mèt : "A PRIORI" ou wè nan chak moun yon potansyèl bèt, jiskaske chak moun pwouve tèt yo. Sa jès p ap montre w, sajès ka fè w wè l. #KonsaNonkPale
Ann mete Vèvè Ogou nan inifòm Lame ak Lapolis. Ann mete Vèvè Minis Zaka sou Lajan Ayisyen an. Menm jan ak Vèvè Legba ki tanmen louvri baryè lòt Ayiti a. #NouSeVèvè
Anvan VÈVÈ, rezo sosyal ( sitou facebook ) te demonyak tou. Yon ti tan apre, menm sila yo ki t ap dyabolize l vin anvayi l pase tout moun. Mete Vèvè nan lajan peyi a, n a ban m nouvèl. #NouSeVèvè
Menmjan ak Danbala ki nan pòt antre Lamedsin; tankou latriye senbòl sosyete vleng-bendeng ki sou Dola Ameriken an, e si te yo ta mete Vèvè Kouzen Zaka sou Lajan Ayisyen an? #MinisZaka#LwaTravay