Nap Kontinye sipòte jèn sa pou limanite,li pa vreman ka pale,si yon moun vle kontaktel ekril pito,oubyen inbox mwen,map pase mesaj la oubyen map mete nou an kontak avek proch li.🫶🏾🙌🏾🥲
Ayisyen toujou vle kraze Ayisyen parèy yo,mwen poko janm wè yon nasyon rayi frè parèy yo konsa,pwogram nan gen 4 peyi ladanl,Ayisyen mache bay vye nouvèl sou Ayisyen parèy yo,genyen ki ta vle pwogram nan kanpe,mwen poko janm wè kote kiben,venezuelyen Nikaragweyen-kap bay vye nouvèl sou pwogram nan non,men Ayisyen li menm se yon kansè,tèlman nou rayi frè parèy nou,nou pa vle anyen bon pou yo. Mwen gen enpresyon gen kèk Ayisyen ki ekri USCIS ki mande kanpe pwogram nan deja wi,mezanmi poukisa nou konsa? 🤷🏽♂️
1- USCIS gen ase kapasite poul detekte epi sanksyone tout moun ki ap fè frod yo
2- USCIS se yon enstans federal,sa vle di pandan pwogram na tout enstans federal yo,ezanp FBI gentan la pou sa
3- Lè gen yon ankèt kap mennen sou yon dosye,yap finn rasanble tout fè yo avan .
NB : Ann sispann fè vye tweet sou pwogram di Sponsò pat resevwa moun lakay yo,nou konnen se manti nap fè,nou dèye destabilize Pwogram ak vye pawòl,nou rann kominote Ayisyen san respè.
- Anpil nan nou kap voye vye signal bay USCIS la,nou ta plis vle pwogram nan kanpe pito pou nou ka toujou santi nou se yon afè sou sak poko ale yo.
- Kite USCIS mennen ankèt li,USCIS gen kapasite pou sa. Tout sak koupab ap resevwa santans yo.
- Si gen fròd vre jan nou dil la,se pa sèlman Ayisyen ki ap ladann,sispann vann frè parèy mal.
-Se pa sèlman Ayisyen ki nan #Pwogram, sispann di Ayisyen pa bon,Ayisyen se volè,sispann,bay pwogram nan chans li,kite Pwogram nan mache.
...Sa se opinyon pam ....
Pou moun ki pral mande kisam ye poum ap pale konsa ( mwen gen fòmasyon nan « Blachiment d'argent et financement du terrorisme- Audit-Conformité-Controle ) etc..
🚨🆘🆘🆘
Guys ede m pataje omaks,
fè sa rive Aba je yon Doktè, yon pèsonèl k ap travay nan CROIX ROUGE tijo an pou mw svp.
Se sèl la Nou kapab jwenn sang 🩸 pou sove vi an.
MWEN RELE LA, YO DI M PAGEN DOKTÈ OSÈVIS POU EDE N POU MOMAN 🤦🏿♂️!
EDE M SVP 🙏
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Youn nan bagay ki pi enpòtan lè w vin viv nan #Etazini se sekirite ou. Pa gen moun ki negosye #sekirite pa bò isi. Se vre nou sòti nan yon peyi kote gang ap mache gran jounen epi dechèpiye moun men pa bò isi gen pwoblèm ensekirite tou.
Banm touche kèk gwo pwoblèm ak nou paske w pa janm konnen sa kapab sove lavi.
▪️ Lwa pa bò isi rekonèt tout sitwayen kapab gen zam pou defann tèt yo, gen Eta ki ale pi lwen ke sa, non sèlman ou ka gen zam lan lakay ou, nan machin ou, ou ka mete l bò bouda w tou pou fè kèk vire.
▪️Kote lakay nou, nou konn rive kay vwazen an pou ale chèche dife, pa bò isi pa gen bagay konsa, gen nèg ki konsidere “backyard ” yo tankou salon yo kidonk si yon nèg jwenn ou nan lakou li, li ka fè ladènye sou ou. Lè timoun yo ap jwe boul pa janbe baryè pou rive pran boul san w pa mande, sa se gwo danje.
▪️Nou tout konnen zafè « mass shooting » lan tounen youn nan mannyè pèp ameriken epi majorite ka sa yo se moun peyi a ki fè yo se pa imigran. Bagay sa fè anpil viktim kidonk fè anpil atansyon ak foul, lè yon « shooter » ap frape li pa ale dèyè yon grenn moun, motivasyon l yo konn anpil tou: rasis, revanj…
Nan zafè sekirite se pwoteje tèt ou dabò, pa pran pòz ou pa pése , depi ou sispèk yon zen, yon kote ki ka gen tire jete w , nèg isi rale zam pou dan ri, epi yo souvan fou yo pap rale l pou granmèsi. Mwen pale nou wi! Mwen pa pral nan antèman pèsonn moun ke m te deja pale.
Si ou sispèk ou pa an sekirite yon kote, rele 911, yo bay sèvis entèprèt nan 173 lang, ou ka text tou se yon dènye « update » ki fèt sou sistèm lan, si ou tèks an Kreyòl gen yon lojisyèl ki ka tradwi nan 200 lang diferan jiskaske yo konprann mesaj ou an.
Pòs sa kapab sove lavi, si ou jije li enpòtan pataje li ak lòt.
#Security #SafetyFirst