Manifesto ki se senkyèm albòm Dèf, disponib an prekòmand depi kounya a.
https://t.co/AZw6XHtPT0
Ansanm ak li ou ap tou ka telechaje 4 premye albòm Dèf yo.
Lòt bagay ankò, Rèv Ak Plim, #4, Eskal ak Ouvè Sèk la dispo sou lyen an tou pou telechaje gratis pou tout mwa jiyè a.
Mèsi🤍
🔴🇭🇹 Mo "Bukele" a dwe vle di " trè satisfè" nan " customer service " kounya.
Depi m fin SÈVI W, mwen mande w kijan w evalye sèvis mwen an, depi w " trè trè satisfè", reponn mwen "sèvis la te BUKELE bro" 😃
..Pa gen kanpe...
Miche s on imoris, Ley G m kwè l rele.
M toujou kwè nenpòt sa w ap fè ou ka toujou pran pozisyon sou plan sosyal ak politik nan peyi w.
Sa miche fè la, gen atis ki poko janm angaje yo konsa pou peyi a.
Kotwaye Ronaldo a chak moman nan vestyè Pòtigal la fè ti jèn yo bliye dimansyon CR7. Yo gendwa panse se nenpòt jwè ki nan konpetisyon ak yo pou plas titilè.
Listwa ap kenbe ke yon ekip ti jèn chwazi bòykote mondyal yon peyi favori kote yo pa deside jwe pi bèl foutbòl yo ta dwe jwe ak nivo talan yo sou pretèks gen yon veteran yo ta dwe respekte ki mare ekip la.
Yo panse jenerasyon konn dore pou plizyè mondyal. 😂
Randevou 2030.