Pi gwo rezon ki koz tout bèl pwojè, bèl lide nou genyen, ak tout sa nou pa sispann reve yo pa janm rive reyalize vre, se paske nou satisfè sèlman lè n ap pale de yo. Nou pa janm poze aksyon vre. #TTA#ToujouOptimis
Lè yon fi pataje pati entim li avè w, se konfyans li fè w, asire w pou telefòn ou an sekirite, sispann trayi konfyans yon moun fè w. Lè w pataje pati entim yon moun ak yon lòt moun se yon krim ki pa merite padone.
#TTA✅ #ToujouOptimis
Haïti 🇭🇹 la première république noire, le premier État noir des Temps modernes et le deuxième État indépendant d'Amérique (après les États-Unis 🇺🇸 Les blancs sont de retour en Haïti 🇭🇹 pour la vengeance.
Ayisyen pran LIBÈTE a pou yo prone INEGALITE, lè yo fini y ap mache di Ayisyen pa gen FRATÈNITE !
Jou ti pèp sa wè klè, sèl deviz la, senbòl yo, anblèm nan, lejand lan ak desalinyèn nan, ap sifi pou chanje mantalite yo !
Yon jou m ap genyen pou m di sa Pat fasil men mw reyisit.
Yon jou m ap genyen pou m esplike nou chemen an , lè m acheve kous la.
Konsa dlo nan zye m yo va genyen pou li awoze jèm plant 🌱 ki va bay fri tristès mw yo , se avèk lajwa m ap genyen pou m keyi fri m yo.@top_twit_ht
Charite se vrè imaj lanmou, yon grenn pawòl konn chanje tristès an jwa, remèsye egzistans kèk moun ki kontribye nan yon fason ou yon lòt pou ede w simonte kèk moman difisil.
#TTA
Nan batay manman w ak papa w t ap mennen kont lavi a ,yo te rive bò w nesans pou w kontinye batay la , yo te ranpòte viktwa, lavi pa gen dwa janm maltrete anko paske yo mouri. Jodia se tou pa w pou w mennen batay la ,gonfle ponyèt ou ,mare senti w epi afwonte lavi san pè.#TTA