Pou evite kwazman jan sekretè Rubio di li a, kòm GSF la pa itil nou anyen depi lè l rive Ayiti a ansanm ak Eric k ap fè yon lajan san fòse, n ap mande yo kite peyi a trankilman epi bay chans ak bon sitwayen, Nayib papa Pèp ki konn doulè nou kontinye ba nou ti koudmen an. Si yon anbasad pè pou anplwaye l oubyen li pa kontan sa k ap fèt la, kòm yo pa t ap fonksyone depi kèk tan paske menm viza yo pa bay, li pa nesesè pou yo rete Ayiti nan moman an. Fè yon ti fèmen pou yon 3 mwa yo konsa epi bay teren an lib pou prezidan @nayibbukele fè ti netwayaj la. Nou pa bezwen wont paske Bukele vin mete nou toutouni, se Pèp Ayisyen an ki bouke, nou vle Lapè, nou mande prezidan Bukele ki li menm pa nan tete lang ak kriminèl pou l kontinye frape yo.
Prezidan Bukele fè sa nou po ko janm tante fè, prèv gang yo pa pisan vre se konplisite ki lakoz nou fè yo pase pou pisan epi y ap fini ak Pèp la. Jodi a tout bourik fè filo, nou pa egare ankò, nou konprann klè. N ap kontinye mobilize nan tout peyi a pou n voye solidarite nou bay prezidan Bukele, nou bezwen l ede nou paske li menm se ak tout kè l, tout nanm li l vin ede nou san foulay. Bravo prezidan Bukele !
@tikozeaktt1
Ou gen dwa pa dakò ak metòd Bukele yo. Ou gen dwa enkyete w pou lavi inosan ki ka viktim nan operasyon kont gang yo. Se yon enkyetid ki lejitim.
Men, lè w ap denonse risk pou inosan viktim nan operasyon sa yo, pandan w pa janm mande bandi yo depoze zam, rann tèt yo epi sispann teworize popilasyon an, ou aji an pwotektè bandi. Ou nan gang nan tou.
Lavi inosan yo pa sèlman an danje lè fòs sekirite yo ap fè operasyon. Depi lontan, se chak jou gang yo ap touye, kidnape, vyole, dechouke moun lakay yo epi simen laterè nan mitan popilasyon an.
Yon moun oswa yon enstitisyon k ap pran lapawòl, k ap pibliye kominike nan non pwoteksyon lavi inosan, ta dwe gen menm fòs ak menm detèminasyon pou denonse egzistans ak zak gang yo, pou mande yo depoze zam, rann tèt yo epi reponn devan lajistis pou krim yo komèt.
Ou pa ka fè pwoteksyon lavi inosan tounen yon prensip ou defann sèlman lè se operasyon kont gang yo k ap fèt.
@WAltenord Elikoptè ki t nan operasyon kraze kay lanmò 100 jou yo,t pase pa sendomeng.
Yo deplwaye 10 mil sòlda sou fontyè a.
Abinader di minis defans li an,pale ak pa salvadò a chak jou.
Mw flou
Nou kenbe pwomès nou…
Nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a.
Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen.
Ala lach yo lach! 🥲
Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.