Daprè enfomasyon ki rive jwenn nou, Komisarya jeral batay mare kou krab jodi vandredi 04 septanm 2026 la, Edson ALOUISOR ki ta yon manm enfliyan nan baz gang 400 mawozo, enfomasyon yo kontinye fè kwe ta deja gen omwen 50 lot bandi ki ta deja gaye delma ap tann zam ak minisyon.
Nou we sa kap passe nan PRÈS la an ayiti moman saa yo, kote jounalis ap denigre jounalis, jounalis ap repete gwo tet betiz nan mikro, jounalis san etik e moral, jounalis pa respekte dewontoloji metye a? Se rèy medyokrite a ki rive nan fen li nan peyi dayiti.
Tout sektè ak aktè yo, laprès ak tout rès pèp Ayisyen an dwe mete yo dakò prese prese sou chwa yon nouvo prezidan kap soti nan lakou kasasyon pou vin dirije leta, pou evite Didier Fils-Aimé Alix pa fin kraze e vann tout tirés peyi a ki rete a. Fè mesaj saa rive jwenn chak ayisyen
Aprè konsta dechèk PM defakto Didier Fils-Aimé Alix nan tèt leta aprè plis pase 1 lane, ki pa rezoud 1 nan tout kriz kap ravaje peyi a tankou kriz politik, enstitisyonèl, sekiritè, sosyal ak ekonomik. Daprè yon sous, Emmanuel G. Morel se li menm ki ta dwe vin nouvo Pm peyi a.
Gen yon bann inyoran awogan map tande kap di fòk lapè fèt ak gang yo! kesyon m pou tout ti inyoran awogan sa yo! Aprè leta otorite kiyès lòt gwoup ou antite ki genyen lejitimite, legalite ak otorite pou ta garanti lapè nan yon peyi daprè #ONU gen plis pase 500000 mil zam inegal?
Mw pap fè bòz ni sansasyon! Selon enfòmasyon nou ka fè konfyans de yon sous ki byen enfòme, PM defakto Didier Fils-Aimé Alix, ta dwe pèdi pòs li apati de mwa me kap vini an, e peyi a ta dwe gen yon nou prezidan kapral asire tranzisyon an ak yon nouvo premye minis.
Politisyen ak gang fè Ariana tounen Reine pou lapè an Ayiti, men piga lapè sa'a, lagè moun TPS yo nan gwo kouri non kay tonton sam. Sèlman mw we gwo malè pou moun TPS yo nan lapè sa... Bouch granmoun santi, men paròl li pa santi.
Fanmi Ariana pat dwe kite Ariana pran nan pyèj politisyen ayisyen, nan fason yo itilize Ariana pou yo fè manipilasyon sou pèp ayisyen an, pou yo ka regle bagay pèsonèl yo. Na di m te di nou sa'a, listwa pap padone Ariana ak tout fanmiy li, Pa bliye Ariana Jèn.
Pri prodwi petrolye yo bese yon lòt fwa ankò sou mache entènasyonal la pou jodi vandredi 17 avril 2026 la 1 baril petròl ap vann 81 dola. Nou mande pou gouvènman ayisyen an bese pri gaz la prese prese pou ta soulaje pèp la nan mizè. Swa Didier Fils-Aimé bese gaz la oubyen li ale
Emisyon mw, menm Wisly PIERRE LOUIS, ap fè chak swa 7h pm- 9h sou radyo mega Star 97.3
mw pap chèche popilarite ni pou pran vedèt sou pèsonn lòt jounalis, men fòk verite blayi. An Ayiti LAPRÈS plis chita sou fè pwopagan olye yon PRÈS ki objektiv, peyi a bezwen yn PRÈS objektiv.
Nou mande revokasyon André Vladimir paraison nan tèt PNH la prese prese pou enkonpetans ak mank rezilta. Masak Latibonit la ak volim kidnapin kap fèt chak jou nan peyi a, montre aklè paraison pa ka garanti sekirite popilasyon sivil la.
Pri baril petrol bese sou mache entènasyonal la, nou mande prese prese pou gouvènman didie Alix Fils aimé, bese pri a prodwi petrolye yo sou mache lokal pou pèp la. Men verite a devan zye tout moun.
@haiti_de28657 pèp ayisyen men sa dwe konprann, pri gaz pa monte e pri yo pa ka monte, san gouvènman pa fikse pri kous transpò yo sou tout peyi a. se yon fason pou'm di nou pa okipe pyès dyòl bòkyè kap di nou pri gaz monte. Bagay nou we kap sikile sou rezo yo se jis yon trak.
Daprè yon sous nou kapab fè konfyans, pouvwa Pm Alix Didier Fils-Aimé ta dwe diminye e redwi konsiderableman nan jou kap vini la yo.enfomasyon yo ta fè kwè kominote entènasyonal la ak plizyè sektè e lot aktè nan lavi nasyonal ta deja mete yo dakò pou gen 1 prezidan nan tet peyia
Map mande pèp la pou rete veyatif e vijilan, daprè yon sous nou ka fè konfyans, oligag yo ap planifye ak tout gouvènman pou yo ta ogmante pri gaz la aswèa pandan match Ayiti vs tinizi an. pri gaz pap ka ogmante, mete sou soufrans ak mizè pèp la. Tout moun Veye anwo, veye anba.
Daprè plizyè sous nou ka fè konfyans, @EmmanuelG.Morel se ta 1 nan moun kominote ayisyèn nan dyaspora ak anpil sektè nan lavi nasyonal la ta wè kòm nouvo PM nan tèt primati a ki ta ka byen abòde kriz tout kalite peyi Dayiti ap konen, nan Nouvèl tranzisyon 7 fevriye kap vini la.
Me. André Michel sot pase yon move moman nan depatman Latibonit, spesyalman nan gwo mòn Gonayiv pandan li tapral bay yon konferans pou laprès. Se gras ak vijilans ajan sekirite li yo ki fè ansyen avoka pèp la pa pran brakale.
Poukisa jiska prezan DCPJ, Direksyon jeneral polis la, gouvènman, òganizasyon ki di yap defann dwa moun yo nan peyi Dayiti poko janm ka vin bay esplikasyon a pèp ayisyen sou gwo evènman sa ki pase nan peyi a ant chèf gang lanmò 100 jou ak oligag andy Apatid ?