PWOVÈB : Moun k ap ankouraje w achte chwal plenn lè lapli ap tonbe, lè sezon karèm mete pye, yo p ap janm ede w chèche manje pou ba li manje.
Fòk ou gen kolòn vètebral. Gen yon seri jwèt lè y ap mete w ladan yo, se pa tout sa yo di w ki pou enterè pèsonèl ou pou w ap di wi, wi.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, eksprime rekonesans li anvè gouvènman iranyen an apre li te deside renonse pann plis pase 800 manifestan ki te te prevwa fèt yè. Nan yon deklarasyon, Trump deklare li gen gwo respè pou desizyon lidè iranyen yo e li remèsye yo pou aksyon sa a.
@windyphele@BINUH_UN Plis pase 50 moun ou di? Loll! Nan rapò san klarifikasyon BINUH an, se 27 li di Komisè a ta touye. Donk sanble rès 28 oubyen 33 lòt yo, se ou menm nan konplisite w ansanm ak BINUH ki ta touye rès yo. Men ou pa manke pa betizè tou papa!
Ki moun Muscadin touye a? E nan ki kontèks?
📍Chèf teworis ak sapat Lanmò San Jou pran tout sa li jwenn andedan izin dwòg papa l la, chèf kayid ak kravat Andy André Apaid. Se kèk machandiz ki deja anbale!
Kounye a, gen moun k ap mande: Avèk kiyès li pral vann yo? E kiyès k ap vini achte yo? | ✍🏿 @PL https://t.co/CsUIfI3NZW
🔴 ENFÒMASYON ⬇️ « Pa gen demokrasi san fanm » : Gouvènman an lanse yon gwo kanpay pou ranfòse patisipasyon fanm nan eleksyon yo! https://t.co/hKSmUcDnJC
📍Konseye Prezidan Smith Augustin, youn nan brakè Bank Nasyonal Kredi (BNC) a, fè yon ti souri jòn pandan yo t ap adopte nouvo bidjè pou egzèsis fiskal 2025-2026 la. Nan tèt li, li sanble ap di: "Nou pran yo deja! Anvan nou kite pouvwa a, n ap fin souse tout zo bwa tèt pèp sa a."
"Pouvwa a tankou lonbraj Solèy la: li parèt gwo, men li efemè."
Li senbolize: menm jan lonbraj chanje ak mouvman solèy la, pouvwa pa rete fiks, li pase, li deplase, li disparèt. M ap raple w, menm moun ki pi fò nan sosyete a oswa nan @Politik la pa gen pouvwa pou tout tan. | @PL
AYITI | SEKIRITE : 📌 @pnh_officiel nan Jakmèl anonse sèmen sa a, li mete anba kòd Jean William pou vyòl ak detounman minè sou yon fiyèt 15 lane. Koupab la, avwe devan fòs lòd yo li fè bagay plizyè fwa ak tiyèt la. | @pnh_officiel | @PL✍🏿
Vatikan anonse yè jodi lendi 21 Avril 2025 la, lanmò Jorge Mario Bergoglio tout moun konnen sou non Pap François, li te genyen 88 lane. Souveren pontif Vatikan te soufri nemoni pandan dènye mwa sa yo. | @vaticannews_fr | @PL✍🏿
AYITI | ENSEKIRITE : 📌 Garry Junior Luma, se non polisye UTAG sa a ki tonbe nan echanj kout bal avèk teworis ak sapat Viv Nan San🩸yo maten madi 8 Mas 2025 la, nan vil Mibalè pi prezimeman nan Kafou Pelig, depatman Sant peyi D Ayiti.🕊🕊 | @PL✍🏿
Imaj yo terib : 📌 Moun Mibalè riposte, kote yo lanse yon operasyon chèche teworis ak sapat. Nan kèk imaj montre popilasyon an kanpe ak manchèt nan men ap kouri dèyè zèfèyis yo, kote y ap rache malfra yo ak manchèt, plizyè nan yo tonbe yo pa leve ak gwo zam fann fwa nan men yo.
📌 Si lè nou te konn ap kouri p at konn gen bouke! Ala fè swadizan Otorite "ANTRE GIMÈ", nèg ak fanm ki nan politik, revandè kowonpi, teworis ak kravat/sapat alye ak founisè yo t ap fè twòp pa bò isi. Men domaj @Karma egziste! Antouka, kontinye pouse bourik nou mesye dam. | @PL✍🏿
Ayiti | Ensekirite : 📌 Teworis Gran Grif yo nan lokalite Savyen, depatman Latibonit, pase anba flam dife anviwon twa (3) blende pou fòs lòd yo, aswè madi 25 Mas 2025 la, epi yon polisye Kenyan🇰🇪 tonbe anba bal zèfèyiz inimen sanpidè tout plim tout plim yo. | @PL✍️🏿
📌12 Mas 2021- 12 Mas 2025 sa fè egzakteman 4 lane depi teworis san fanmi Viv Nan San🩸yo nan Vilaj de Dye te asasinen Senk (5) ajan Swat nan kad yon operasyon yo tal mennen anndan Vilaj. 4 lane aprè pa janm gen yon repons ki bay, la polis poko janm ka mete pye yo nan Vilaj ankò.
Etazini :📌 Ajan ICE yo mare kou krab Wilbert Jean Baptiste nan peyi Etazini, yon evade prizon nan penitansye Nasyonal. Jean Baptiste te pase pa Mexique🇲🇽 pou antre Etazini🇺🇲 nan lane 2023, pou kounye a endividi a sou kontwòl Otorite amerikèn avan yo depòte l ayiti. | @PL✍🏿
AYITI/ENSEKIRITE : 📌 Doktè Laurent Beauge, tonbe anba bal endividi moun pa rive idantifye devan lakay li nan Dèlma 31, jodi madi 11 Mas 2025 la. Viktim nan se te ansyen Sekretè Deta Sante Piblik ak popilasyon sou gouvènans ansyen premye minis, @ArielHenry. | @PL✍🏿
AYITI | MASAK-DETA : 📌 Angelot se non polisye sa a, ki te abite nan Katye popilè Solino men kounye a l ap jere Dèlma 30 li resevwa yon bal nan tèt nan moman san fanmi yo te anvayi Dèlma 30, li pa mouri men l bay san. Li di l pa mouri se gras ak sa l ap sèvi yo (kwayans li). | PL