Jacques Chirac te resevwa premye minis Gérard Latortue ki te ale mande la Frans padon poutèt Titid te mande Restitisyon ak reparasyon. Li te di Chirac, pa pran koze Aristide la oserye. Sa te pase an 2004-2005 Misye se te yon wont pou Peyi a.
Ibrahim Traoré nan yon konferans pou laprès nan peyil boukinafaso fè konnen ke, loksidan ap menase 'l e menm rive fe'l konnen ke sil pa poze'l lavi'l ap pase menm jan ak ansyen prezidan Ayisyen an Jovenel Moise.
#HaitianPost
📌Selon yon responsab ameriken,🇺🇸yon reta nan achte machin blennde ak elikoptè byen ekipe, kapab fè yo repouse deplwaman pou mwa jen. Ekip🇰🇪Kenya a di yo wè Ayiti🇭🇹manke machin blennde pou yo deplase, ak radyo epi ekipman kominikasyon pou yo sèvi
#HaitianPost
Lapolis nan peyi Brezil arete 16 Avril la, Erika de Souza Vieira Nunes akoz li itilize kadav yon tonton l pou li al prete kòb nan yon bank nan Rio Janero. Li mete tonton an sou yon chèz woulant takou l te vivan, epi li al prete $3 242,29 (17 000 Réais) sou non li. #HaitianPost
fòs miltinasyonal ki te dwe vini Ayiti a. Lakou siprèm Peyi Kenya deklare ke deplwaman fòs sa ilegal, e enkonstitisyonèl Yon desizyon ki pran Jodi 26 janvye 2024 la, yo fè konnen ke prezidan Peyi Kenya a pa gen okenn provizyon Legal poul voye polisye nan misyon nan lòt peyi.
Nèg ak zam kidnape, jodi vandredi 19 janvye 2024 la pòtoprens, 6 mè⛪️ki te nan yon machin prive. zòn « Rue du Chili », Yon enfòmasyon, Pè Frantzy Petit-Homme konfime bandi yo ale avèk chofè epi yon pwofesè ki se pwòch mè yo, ki te nan machin nan. yo pran direksyon Ruelle Alerte !
ENSEKIRITE LAKWA PERIS:
anviwon 5h PM, jodi samdi 13 janvye 2024 la, baz kokorat san ras kidnape atis #Kenfs nan zòn lakwa peris, sou wout nasyonal #1 an, rapè a te nan yon bis konpayi PATRICK TOUR, nap raple ke bandi sa yo achte depatman latibonit lajan kontan.
#HaitianPost
📣 konsèy sekirite Nasyonzini an ap gen pou panche sou yon long lis pèsonalite Ayisyèn yap gen pou sanksyone. Nan lis sa ap gen manm gang an Ayiti, men tou, moun ki nan divès sektè tankou ekonomik ak politik ka alimante gang kriminèl sa yo. Seyans sa ap fèt 19 Oktòb kap vini la.
📣Gwo tansyon nan divès katye nan Sant Vil Pòtoprens ak Laplenn depim maten. Divizyon nan mitan gang ki fòme G-9 yo. Yon divizyon ki vini, aprè asasina “Tyson”, Chèf gang ki tap dirije zòn Rakèt, Tebo S.A, bò Acierie d’Haïti, Dwouya rive Kafou Vincent ( Site Solèy). @HaitianPost
Apati lendi, Federasyon Nasyonal Travayè Transpò Sosyal Kretyen nan Sendomeng, entèdi chofè yo pote Ayisyen. Mezi sa, selon sendikalis Mario Diaz, konsène tout Ayisyen, kew gen papye, kew pa gen papye. Yo fè sa pou pwoteste kont konstriksyon kanal nan rivyè Masak la.#HaitianPost
🔴Konfli Ayisyano-Dominiken | Prezidan🇩🇴@luisabinader anonse, “tout fwontyè (atè, lanmè, anlè) Sendomeng genyen ak Ayiti ap fèmen apati demen vandredi, a 6zè nan maten”. Abinader di, lame Dominikèn deja prè pou respekte dispozisyon sa. Li di peyil pap aksepte dezòd. #HaitianPost