O Final, Ayiti ap gen 6 nouvo Prizon, oubyen sa pa gade nou?🤔🤔🤔🤔🤔🤔🤔🤔🤔🤔🤔🤔
An desanm 2025, pouvwa Fizeme a siyen yon kontra pou yon montan 85 Milyon US ak Fim Prive ki gen 3 tèt (youn gen yon S. A dèyèl, youn chita Florid, lòt la Panama). Prizon sa ta dwe yon konsesyon sou 50 lane (kap rapò 6 Milya) , anplis se Leta Ayisyen/BRH kap garanti 75% montan kontra a.
Avanyè la, Minis Jistis Fizeme pull up Salvadò, li siyen akò Konstriksyon 3 Prizon ankò.
Kòm depi moun poze kesyon, ak egzije sa yon Gouvènman Tranzisyon ap regle, kominike a peyi a, gen sòlda ki gen job pou vin rizibyel osinon tòdel.
Tanpri, èske nouvèl ekonomi Ayiti a se sou pwodiksyon Bandi lap chita, pou prizon sa yo ka rantad. Oubyen, tout kote nan mond lan ki pap vle kenbe kriminèl lakay yo, yap jis bay Gouvènman yon ti monnen, finanse ti pwojè enfrastrikti pou nou, epi nap kenbe fatra yo pou yo?
Frape Mesye Dam, Frape!!
Tout bagay ap regle pandanstan li menm.
@FrandyEtienne2 Pou malandren sa yo kontinye pwodwi, fòk toujou gen enstabilite, Koripsyon, krim, inegalite, etc wí. Sa vle di nou pa gen okenn chanjman nou vize vrèman, se jis a kabre ak pi byen estriktire lòbèy yo pi yon pi gran rantabilite?
Ayiti ap tèlman gen bif ak zen diplomatik poul jere nan, nan ane kap vini yo. PWOCHEN MOUN KAP SOTI NAN ELEKSYON POU DIRIJE PEYI A AP GEN TI TRAVAY NAN MENL SERYEZMAN.
Men modèl Konsyans anpil jèn malerezman pa ka devlope a wi. Wap menm jwenn genyen kap oze di ke misye se divèsyon lap fè.
Antouka, bravo sitwayen 🙌🏾.
Pa kite moun fèw fè tenten, pèdi liy ou ak rejte prensip.
Siw pa vle yon bagay ki pa bon, sa pa vle di se nan yon lòt pa bon ou dwe kanpe.
@RiquelmeRonny1 M dakò avèw e m rejwenn ou. Pat gen nesesite mennen zafè email yo ekriw sou net. Sitou se yon senp opòtinite fòmasyon/konesans ke san dout wap bezwen. An menm tan, m pa vle twò jíje konviksyon li, sil kwè se kontwòl ki yap chache
@RiquelmeRonny1 M pap pale de envitasyon anbasad fèl la. Dayè m gen pwoblèm sou fason misye pranl lan.
M pale de jèn kap goumen oswa kap revandike epi ki panse fòk yo ap kraze brize tou
@RiquelmeRonny1 M pa konn si misye son Jounalis de fòmasyon. Men m panse tankou mwen ou wè li gen yon odyans, kotel abitye bay enfo ak fè mesaj pase.
Kidonk, POUKIW PANSE LI PA TA DWE VINI AVÈL SOU ENTÈNÈT?
Kisa nan sal di yo, ki se yon bagay negatif?
Amwenske se negatif la nou swaf🤷🏾♂️
Lèm rete trè reyalis anpil moun malerezman vle eseye banm etikèt.
Map toujou kite yo v kole etikèt sa yo, mwen map toujou rete lisid.
Pati pou nou kòmanse pi pè a kounya, se gwoup anndan kou deyò Salvadò, ki pral itilize ensidan sa (ki malerezman pap dènye a), pou alimante enkyetid ak soulve kesyonnman popilasyon Salvadò a, sou nesesite pou Bukele te vin voye pitit yo nan yon bagay ki pa gade yo.
Avni koperasyon 2 peyi/pèp yo dwe pi laj ak pwofon, pou epanye posib tansyon politik anndan Salvadò, epi pou ta mennen a yon arè prematire operasyon yo.
Menm nan netwaye zam anndan baz li, yon sòlda ka blese tèt li mòtèlman,san kote tout lò aksidan posib ki ka rive.
Kidonk jis pou ego Bukele, lap trennen pitit Salvadò vin nan yon goumen kap long ak konplike,epi tanzantan 2 - 3 ti sèkèy ap monte al jwenn fanmi?
Prèske tout moun ki te leve nan bouda Jovenel pou kesyon chanje Konstitisyon an, jodia wè se bèl pawòl Fizeme ap pale, lè lap di egzakteman menm bagay Jovenel te konn avanse kòm rezon pou yon chanjman fèt nan menm konstitisyon sa. 😂😂😂😂😂
Son pèp Ka...bè nou ye vre wi.🤦🏾♂️
Politisyen ak Aktivis tèlman fè Nasyon sa mal nan fè nou pèdi tan, son bagay grav. Sak pi du a, yon gon pakèt sòlda ki tout kote sou rezo yo, pou kouri jete diskredi sou nenpòt ki deside panse andeyò de lojik bwat fatra yo a.
Tout bagay se Wolo Woloy, tout bagay se nwa ou blan. Se menm jan toujou, jodia gon kolonn kalan... ki tap deklare ke se LAME pou touye moun Jovenel tap fè, peyi a pa bezwen LAME, etc.., KOUNYA SE YO KAP MANDE MOUN POU BIG UP LAME AK LAPOLIS TOU, paske fòk yo vin pran bèl nan fè tèt yo pase pou swadizan sitwayen ki renmen ak valorize enstitisyon Nasyon an AKOZ LAME SALVADÒ KAP PRAN BÈL YO.
FADH ke yo te fè remobilizasyonl lan tounen pretèks batay politik wi 😒.
Se menm Kalan.. sa yo nou pral jwenn pi devan ki pral voye flè pou nenpòt Enstans Nasyonal kap gen pou monte pou kesyon ENTÈLIJANS. Yo pral tounen ekspè nan bay konsèy paske yo gad fim CIA ak FBI.😆
Lèm toujou di m pa bay QUORUM nan prèske okenn mouvman nap fè yo, sa pa vle di m paka endantifye ke yon koz ka bon ni lejitim non. Men sil pa rete strict nan respè tout prensip yo, si fòk li kraze ak deranje plis pou yon ti senp viktwa, ti rekonesans ak tit enfliyansè.
Lap toujou : NON, MÈSI!
Ekselans Bukele, èske se pa vre lè yon Rapè pral monte stage pou pêfòme, se yon sèvyèt li gen dwa pandye nan pòch dèyè li, pou lè li ta bezwen siye vizaj li?
Men gen you ki poulòp ak yon ti vantilatè limena yo wi Ekselans. 😒😒😒