🚨🚨 𝗢𝗙𝗙𝗜𝗖𝗜𝗘𝗟 ! 𝗪𝗘𝗦𝗟𝗘𝗬 𝗡𝗘 𝗗𝗜𝗦𝗣𝗨𝗧𝗘𝗥𝗔 𝗣𝗔𝗦 𝗟𝗔 𝗖𝗢𝗨𝗣𝗘 𝗗𝗨 𝗠𝗢𝗡𝗗𝗘 𝟮𝟬𝟮𝟲 !!! 🇧🇷❌
🤕 La Seleção annonce le FORFAIT du joueur brésilien en raison de sa blessure subie face à l'Égypte en amical...
🆕 Ederson (Atalanta Bergame) est CONVOQUÉ pour prendre sa place !
Te gen chans ladann tou wi @nitronitroni ( plus ke %25). Pou mwen sa ki pi enpòtan se pou gwoup sa jwenn on harmony ki pral bay yo anvi jwe gold cup la ak lig nasyon an ansam ankò pou yo jwenn pi bon otomatism toujou poun ka tounen an 2030. Yon lot kalifikasyon depann anpil de kijan jou jere mondyal sa
Li fè apèl a bòn fwa moun ki gen vwa otorize yo. Nou gen yon ekip kote jwè nou konnen ki an mefòm pa rapò ak football mondyal la still pi bon lontan ke alternativ la . Nou pa ka aji tankou L'équipe, RMC oubyen Canal plus paske yo menm si Mbappe blese sa ka redwi chans chanpyon la France men sa pa retire l kòm youn nan favori yo. Nou ka note epi fè on bilan aprè . Jwè yo tou menm lè telephone nan men yo se pa opinyon tout moun kap afekte yo. Bagay la pran tout anplè sa paske se Pepe ki te fè konsta a epi se li Casimir fè sa yèswa. Annou relax epi fokis sou lot semèn.
@KimHaiti93 Depi w mennen bagay la nan on deba ras li vin pèdi tout sans li. Nèg sa yo pi fò nan yo se premye fwa yap deal ak jounalis Ayisyen. Ou pa ka itilize stereyotip sa yo paske li pap fonde. Sa Casimir fè a pa bon , men nou pa bezwen dramatize bagay sa non plus
Pou yon fwa m pa dakò avèw @KimHaiti93 . A la fen sa Casimir fè a pa twò diferan de pòs sa. Wi Pepe gen rezon nan sa li di a , men se opinyon pam ak anpil moun ke se pat le moment. Annou bliye si bagay sa te pase pou n gade devan . Li pa nesesè pou nap etènize nou sou ti litij initil sa. Vwa Patrice Dumont an Haiti pi enpòtan ke vwa Stephen A. Smith Etats-Unis. Pou mwen konsta ke li fè a osi vrè ke li ka ye ka gen efè negatif sou moral la. Pou Casimir lap defann koekipye l .
@iam_JC1 M panse Migné gen ekip li a nan tèt li e moun lap monte yo li konnen yo deja . Gen moun lap fè jwe la se paske gen anpil chans pou yo pa jwe on minute nan mondyal la . Job la pa fasil .
@Caleb_Jephte Leson yo klè , 11 lan klè. Gen moun lè yo la ekip la pa ka fè pressing. Gen moun lè yo pa la defans lan pa ka jere boul anlè. Epi Danley ak Bellegarde ka jwe pi senp.
@KimHaiti93 Lot jou map di fòk misye titilè devan Ekòs paske pou pwoblèm m wè atakan bèl fizik Curaçao a bay defans Ekòs la , m panse Pierrot ka fè mieux
@ralphganthier Ou pa rate anyen non tokay. Sèl bagay m ta swete Deedson fè plus jupe déroulée ( pou repete Fanfan Exile) ak Arcus. M pa kwè Arcus mete on sant nan kare a non , m pa konn si m twonpe m .
@jaykovinht Men sa yo tout tan ap repwoche Mbappe a . Kous an dyagonal Bellegarde la fann defans lan pou Deedson jwenn Isidor. Football la jwe %65 san balon %35 ak balon. Fok ou jwenn mwayen pou w itil menm lè pa gen okenn chans pou w jwenn boul la