Semèn pase a PSG pase City 3 gòl nan 17 mn. Jodi a yo bay Barça 3 gòl nan 14 mn. An plis de fleksibilite taktik yo ak fòs mantal yo, pi gwo fòs ekip sa se kapasite l pou l maksimize tan fò li yo e tou antere advèsè a. Fòk on ekip jwe tout foutbòl li pou w anpeche yo fe 3peat la.
Kesyon an bèl e enteresan e ka fè sijè on gwo deba. M pa ka ba ou on repons satisfezan an 280 karaktè sèlman. Men m ka di w ke pousantaj menmiz ak anprent antrenè a sou pwodiksyon jwèt ekip la depann de plizyè faktè:
- filozofi antrenè a
- ki faz nan jwèt la
- tip antrenman yo
Mwen gen yon kesyon k ap boulvèse m lontan. Dapre nou menm ki nivo enplikasyon yon antrenè nan pèfòmans yon ekip? Eske dapre nou rezilta ekip la depann a 25%, 50%, 75%, 100% (oubyen yon lòt chif) de antrenè a?
Mwen vle nou gade foutbòl pwofesyonèl la sèlman, kote jwè yo ta sanse metrize tout baz yo deja.
@ralphganthier ou ka tag yon moun ou panse repons li ka enteresan tou.
PSG a s on lòt gwo bout ekip ki pi akonpli e kouwone plizyè fwa nan pi wo nivo a. Yo gen abitid e metrize gwo randevou yo. Donk pa gen okenn wont ni sipriz si yo ta rive kale Barça sa. M paka tann pou m wè match sa. Kilè pou madi 3h pm rive?😁
Kounya si PSG t'a bat ekip sa
Eske n ka di e bon Barça pa bon pou sa mezanmi ?
Non tousenpleman Paris aktyèlman se mezirèt lewòp la
Barça pral vrèman wè kibò yo ye nan pwojè a 💥 chak match Barça gen sekans sa yo
Ti lepè a sou tèt jwèt li toujou. Msye toujou ka bay kout ren an, akselere epi fini aksyon yo nan dènye 30 mèt yo. Se san diskisyon pi gwo modèl lonjevite nan wo nivo a jwèt sa janm konnen. #GOAT 🐐
🤩 Melchie Dumornay pense au Ballon d'Or !
Mais en attendant le 26 octobre, l'Haïtienne se concentre sur le terrain avec le trophée de joueuse du match face au PSG ce samedi soir 💫
#ArkemaPL
Kèlkeswa antrenè a, kèlkeswa epòk la, kèlkeswa skò a, jwè Real yo toujou kwè yo ka fè mirak la e ranvèse sitiyasyon an nan Ligdèchanpyon an. Mit Real nan pi gwo konpetisyon klèb sou planèt la depase tout lojik ak rasyonalite.