Kwayans nan tèt ou se youn, posiblite yo se yon lòt bagay. Pèseverans lan tou se yon lòt koze. Epi tou sou wout la ou dwe kwaze chimen konbit epi solidarite ki se aransèl nan sòs lam veritab la.
Ayibobo!
Okenn moun pa dwe pran tèt li oserye nan yon peyi kote se Machann glas ki sipèsta, ponpis ki sipèsta, sekirite bank ki sipèsta epi demachè yo douvan bwat Leta ki sipèsta.
Marie Sainte Dedée Bazile, Sanite Belair, Catherine Flon, Marie Jeanne Lamartinière, Marie Claire Heureuse, Victoria Montou...Pou nou site Moun djanm sa yo senpman...Se pa zafè krèy ki tap regle non. Ayibobo pou yo!