https://t.co/8PgdJPdgAI
Rapò GTEF te gen yon Gwo feblès. Nou pa wè CFEF nan lis IES yo. REFERANS swete Asiz 21, 22 ak 23 jan vye a enspire sou GTEF la san n pa bezwen kraze sa ki fèt deja pou pati sou zewo. Nou dwe fè yon GTEF 2026 revize k ap gen UCEFACAP, UCESACAP ak UCEFEF.

2 Janvye: yon jou sakre pou Ayiti
2 janvye: yon jou sakre pou Sendika yo
2 janvye 2008 - 2 janvye 2026: 18 an depi Sendika REFERANS angaje nan goumen pou defann Edikasyon bon kalite nan Respè tan aprantisaj elèv yo ki dwe chita sou amelyorasyon kondissyon lavi travayè yo.

Le Konpa-Compas d'Haïti est officiellement inscrit sur la Liste représentative du Patrimoine culturel immatériel de l’humanité ce 10 décembre à New Delhi, selon une note de la délégation permanente d'Haïti auprès de l'Unesco. De Nemours Jean-Baptiste a Joé Dwèt Filé, des Shleu-Shleu au Tabou Combo, de T-Vice à Carimi des centaines de musiciens ont permis cette inscription. Merci 🙏🏾 à tous.
Pou premye fwa nan listwa, yon tèz doktora fèt an kreyòl ayisyen epi li resevwa mansyon trè byen nan tradiktoloji. Doktè Job Silvert, ki te prezante 30 novanm pase yon ekspoze 26 minit an kreyòl pou defann rechèch li, bay plis detay sou travay li.
https://t.co/WuGj4XqL47

Konpa se liv ouvè epi miwa sosyete nou an.
Konpa pa sèlman mizik. Lè konpa marye ak kilti, ak literati, ak lavi nou, se miwa vivan sosyete a. Nou gen responsabilite pou nou kontinye leve nivo a atravè nouvo kou Edikasyon Estetik ak Atistik (EEA) la pou li toujou merite lonè nasyonal ak mondyal sa a.
Se pa san rezon nan lane 2023, tèks mizik Konpa “Dyaman nan Bidonvil” te sòti nan egzamen bakaloreya Nouvo Segondè a, epi Kou Edikasyon Estetik ak Atistik (EEA) te vin obligatwa nan tout lekòl ak nan egzamen ofisyèl. Nou pa te tann UNESCO pou nou konprann Konpa, mizik rasin, chan tradisyonèl yo, se pa sèlman son, se literati vivan, se naratif pèp la, se jounal sosyete a. Pawòl yo rakonte blesi listwa nou yo ki poko geri, yo rakonte tou lespwa nou yo, tout emosyon lajenès la ak nivo kilti li.
Jodi a, pandan UNESCO mete Konpa nan lis patrimwàn kiltirèl imateryèl limanite, nou p ap sèlman selebre yon mizik, n ap selebre yon liv ouvè sou sosyete nou an, yon miwa ki montre nou jan nou ye nan tout dimansyon nou : nan soufrans nou, nan viktwa nou, nan bon kote nou, nan erè nou, nan rèv nou yo epi tou nan egzijans pwofesyonalizasyon tout chèn metye kiltirèl yo.
Se poutèt sa lekòl Ayiti chanje fason li anseye kilti. Nan refòm kourikoulòm 2024–2054 la, nou rekonèt li kòm yon zouti pou fòme, pou panse, pou bati konfyans, pou devlope kreyativite, pou mete timoun yo sou wout pwofesyon yo. E se la kou EEA (Edikasyon Estetik ak Atistik) pran yon valè san parèy.
Pouki nouvo kou obligatwa Edikasyon Estetik ak Atistik (EEA) la ?
Konpa ak tout lòt ekspresyon atistik lakay nou pa dwe rete kòm “pasyon pèsonèl” timoun yo sèlman. Se yon endistri. Se yon chèn valè. Se yon sèvis piblik kiltirèl. Se yon opòtinite ekonomik pou plizyè milye jèn. Nan kou EEA a jouk rive nan seri LLA nouvo segondè a elèv yo dwe konprann metye ki fòme chèn pwodiksyon kiltirèl mizikal la. Gen mizisyen, aranjè, pawolye, reyalizatè atistik, manadjè, pwodiktè ak pwomotè, enjenyè ak teknisyen son, videyograf, koregraf, responsab konsepsyon sèn, responsab/atache laprès-medya, responsab dwa dotè, kritik mizikal, animatè mizikal, epi tout pwofesyon emèjan ki nan mond dijital ak jenerasyon entelijans atifisyèl 21yèm syèk la.
Lè nou mete EEA nan wonn sant lekòl la, nou voye yon gwo mesaj : Ayiti gen yon gwo potansyèl kreyatif ak ekonomik kote Kilti nou se :”soft power” nou. Jenès nou an dwe konprann kilti kòm yon fòm panse ki louvri pòt sou syans, ekonomi, matematik, kodaj, teknoloji, ak inovasyon.
Yon lekòl ki reflete sa n ye, pou n kapab vin sa n vle ye
Se sa refòm kourikoulòm 2024–2054 la ap chèche : yon lekòl kote Konpa, EEA, literati kreyòl, mouvman-lekòl penti Sen Solèy, kodaj, jewometri vèvè yo, listwa ak ekonomi elatriye dwe makònen ak konpetans miltilang ki chita sou lang kreyòl ayisyen an.
Paske pa gen devlopman san kilti. Pa gen inovasyon san rasin. Pa gen nasyon san liv ki rakonte istwa li kit se nan kont, nan resi, nan mizik…. Nan moman limanite ap rekonèt ritm nou sou sèn mondyal la, an n pa bliye : nou menm Ayisyen, nou gen obligasyon pou n kontinye li liv sa a, ekri l, anseye l, pataje l, epi viv li. Paske Konpa ak lòt mizik nou yo pa sèlman mizik : se memwa, se naratif, se lavi nou.
Bon Dimanch.

👨🎓 El motor silencioso que multiplica las posibilidades: la educación
El exministro de Educación de Haití Nesmy Manigat (@nesmymanigat) escribe en 'Agenda Pública' sobre una agenda global educativa.
https://t.co/PbEIYSfqJd
The #MultiplyPossibility campaign has officially launched in Korea 👏 🇰🇷
🤝 Together, GPE and the Korean government, corporations, and foundations can realize co-investment and amplified social impact for global education transformation.
#FundEducation | Photos: @WVKorea
Education is the silent engine that multiplies possibilities.
GPE high-level Envoy @nesmymanigat explains to @a_publica how every investment in education helps create tomorrow's prosperity.
#MultiplyPossibility#FundEducation
https://t.co/97JWPedmLD
Lè mayo Grenadye yo divize nou ant yon Kwa ak yon Vèvè, sa montre nou poko ka aksepte Relijyon se chwa chak moun, Nasyon se zafè tout moun. Jou nou rive aprann nan menm liv, menm pwogram, nan menm lang, nan tout lekòl #Ayiti, lè sa a n ap plis yon nasyon pase lè nou fè menm priyè. Se pou sa nou mete kreyòl jiska bakaloreya, Liv Inik ak inifòm inik pou Chantoutou ak Sentaniz ale nan yon lekòl inik. Epi manje lokal nan kantin pou elèv yo ka manje ansanm rekòt peyizan fè nan jaden. Rezilta a, liseyen sispann goumen antre yo, paske yo gen menm koulè inifòm.
Toujours un privilège de discuter avec des hauts responsables en charge de la protection, du développement de la jeunesse. Merci à Rubén Pérez Correa, Secrétaire d'Etat à l'enfance et à la jeunesse pour ces échanges fructueux autour de la vision et l'action du Gouvernement d’Espagne dans ce domaine à travers la coopération espagnole.
Au nom du Partenariat mondial pour l’éducation (GPE), je salue la contribution totale de 25 millions d’euros pour la période 2021–2025, dont 5 millions supplémentaires annoncés récemment par l’AECID pour soutenir l’éducation en #Cisjordanie et à #Gaza, une solidarité exemplaire dans des contextes de crise où une école ouverte est un acte de paix.
Cette rencontre a également permis de présenter la nouvelle campagne du GPE « Multiply Possibility / Multiplicar las posibilidades » (2026–2030), visant à mobiliser 5 milliards de dollars pour transformer les systèmes éducatifs dans 96 pays partenaires et offrir à 750 millions d’enfants une éducation de qualité, inclusive et équitable.
#MultiplyPossibility #FundEducation #LekòlPaKaTann
🇫🇷 Forum de Paris sur la Paix 2025.
« Les enfants qui grandissent aujourd’hui dans les pays partenaires du @GPforEducation façonneront le monde de demain. Si nous échouons à répondre aux besoins des 900 millions de jeunes des 91 pays partenaires du GPE qui entreront sur le marché du travail d’ici 2040, leur potentiel sera perdu.
Plus de 270 millions d'enfants
et de jeunes ne sont pas scolarisés dans le monde. 44 millions d'enseignants manquent aujourd'hui dans les écoles.
$3 300 milliards de dollars par an en perte de productivité.
C'est ce que coûte déjà la crise de l’éducation à l'économie mondiale en perte de productivité
Si les pays ne parviennent pas à résoudre la crise actuelle de l’apprentissage, ils risquent de se retrouver pris dans un cercle vicieux : un faible niveau d’apprentissage affaiblit le capital humain, limitant la croissance économique et les dépenses publiques, les rendant plus vulnérables aux chocs et dépendants de l’aide extérieure.
Ne pas investir dans l’éducation aujourd’hui n’est pas seulement une occasion manquée ; c’est une menace directe pour notre prospérité à tous.
Les enfants issus des 96 pays et territoires partenaires éligibles au GPE vivent à l'intersection de la pauvreté, de la fragilité, du changement climatique et de la famine. »
Source : https://t.co/ARxtqGnhUk
#FundEducation #multiplypossibility