@Daphneydss m panse kreyol se yon lang ki fasil pou aprann pou 2 rezon: 1.sak ekri a se sa ou di menm jan ak espagnol 2. li gn yon fom conjugezon, detèminan ki vrèman simpl. depi ou metrize tout sa ak vokabulè. ou gntn pale kreyol a 70%.
🎉Sezon enskripsyon pou MOOC OPEN nou yo rive!
Èske w pare pou amelyore konpetans ou nan lang anglè epi louvri pòt pou nouvo opòtinite? Kou GRATIS sou entènèt nou yo fèt pou ede w reyisi nan karyè w ak plis toujou!
Enskripsyon yo ap kòmanse: 6 avril pou rive 22 jen 2026
Dat Kou yo: 6 avril pou rive 29 jen 2026
Chwazi nan kou enteresan sa yo:
Anglè pou Biznis ak antreprenarya – Elaji vokabilè pwofesyonèl ou ak konpetans ou nan domèn kominikasyon !
Anglè pou pwofesyonèl touris – Sa pi bon pou moun k ap travay nan sektè vwayaj ak ospitalite!
Anglè pou devlopman karyè – Aprann kijan pou ekri CV, aplike pou travay, epi briye lèw ap fè entèvyou!
Pa rate opòtinite sa a pou aprann nan pwòp vitès ou epi konekte ak lòt elèv toupatou nan monn lan!
Enskri kounye a: https://t.co/4PmV42Ncv1
___
🎉It’s Opening Season for OPEN MOOCs!
Ready to boost your English skills and open doors to new opportunities? Our FREE online courses are here to help you succeed in your career and beyond!
Enrollment is open: April 6 - June 22, 2026
Course dates: April 6 - June 29, 2026
Choose from these amazing courses:
English for Business and Entrepreneurship – Build your business vocabulary and communication skills!
English for Tourism Professionals – Perfect for those working in travel and hospitality!
English for Career Development – Learn how to write resumes, apply for jobs, and shine in interviews!
Don’t miss this chance to learn at your own pace and connect with learners worldwide!
Enroll now: https://t.co/4PmV42Ncv1
@LynnGedeon Matisan pa ta dwe yon zone indistriyel dapre mw. zone bo lanme , dwe yon zon rezidansyel ak business tip servis. Matisan gn morne ak bo lanmè. potansyel tourism ak real estate la tro gwo. ou imajine w ou sou yon balcon nn yon imeb 40 etaj anwo matisan?
Yo te mèt poste video a 1000 fwa si yo vle yo paka fèm santim wont mwen ayisyen 🤷🏽♀️. Yo pa konn wont nan je le monde chak lè yon malad mantal komèt atrosite yo nan lekòl yo ni moun sa yo pa janm reprezante yo en tan ke ameriken. Poukisa poul ta diferan pou mwen? Kitel mache
Pitit mèt bank yo ki pi eklere ke paran yo, ki jèn, majorite te lekòl Etazini, kanada, lafrans, nou vrèman pap inove? Nou vrèman pap goumen peyi a Gen pwòp wallet yo, stripe ak paypal? Come on guys.
@LynnGedeon Paske machann nn pov, anpil nn yo se nn menm sak ki atè a , yo pote viv sa yo soti lkay yo vin vann. Menm si lot opsyon pi bon, li enplike lajan pou ou gnyn pou achte bwat yo, transpo efikas pou ou k deplase ak yo san problem.
@BritoBloise@super7fm ¿De verdad crees que una persona legal trabajará por 15 000 pesos al mes para sacar la basura? 😂Dijo que el Haitiano viene, trabaja y regresa a su país al final del día.
It's such a harmful Christian theology that looks at wars and famine and says, "This might be the fulfillment of End Times prophecies!" and "Jesus might be retuning soon!" instead of "look at how much people are suffering” and “how can we stop this injustice?"
👋 👋 👋 👋 👋 👋
Phase 1:
Se premye piblikasyon sou yon seri kap gen pou vini...
===Ayiti Konekte ===
Konsepsyon rezo sa a se yon plan jeneral (High Level ) pou konstwi yon rezo telekominikasyon solid ( Fib Optik) atravè Ayiti, ki konekte prensipal vil yo.
Rezo a sèvi ak fib optik kòm koneksyon prensipal paske li bay gwo vitès ak kapasite, epi li itilize lyen RF (radyo/microwave) kòm backup si gen pwoblèm tankou tranbleman tè, tanpèt, oswa fib ki koupe.
===Estrikti rezo-a ===
Rezo a divize an 3 gwo zòn:
Nò: Nord-Ouest, Nord, Nord-Est, ak pati Artibonite ( Haut Artibonite) ak Centre (Haut Centre)
Sant: Oues ak Centre ( Plateau Central), ak Bas-Artibonite
Sid: Sud, Sud-Est, Nippes, ak Grand’Anse
Topoloji a se yon melanj ring ak mesh, sa vle di vil yo konekte ak plizyè chemen diferan pou evite ke yon sèl pwoblèm koupe tout rezo a.
===Vil prensipal yo (nodes)===
Chak vil gen yon router santral gwo kapasite pou jere trafik ant diferan vil yo e diferan rejyon yo:
Port-au-Prince: sant prensipal rezo a
Cap-Haïtien: pòtay ekonomik pou nò
Gonaïves: koneksyon pou Artibonite
Les Cayes: sant enpòtan nan sid
Jacmel: sant sidès
Jérémie: sèvis pou zòn lwès nan prèskil sid la.
Hinche: sant distribisyon nan mitan peyi a
Port-de-Paix: aksè pou nòdwès
Fort-Liberté: koneksyon toupre fwontyè Dominikani.
Miragoane: sant pou zòn Nippes lan.
==Fib optik (rezo prensipal)===
Fib yo konekte vil yo sou gwo distans, tankou:
Jérémie ↔ Les Cayes
Les Cayes ↔ Jacmel
Jacmel ↔ Port-au-Prince
Port-au-Prince ↔ Gonaïves
Gonaïves ↔ Cap-Haïtien
Cap-Haïtien ↔ Fort-Liberté
Port-au-Prince ↔ Mirebalais
Hinche ↔ Fort-Liberté
Sa kreye plizyè gwo bag (rings) nan rezo a:
youn nan sid peyi a, youn nan nò peyi a, 2 nan sant peyi-a.
===Lyen RF (backup san fil)===
Lyen RF sèvi kòm chemen sekou si fib la koupe. Yo konekte vil ki lwen oswa ki difisil pou pase fib:
===Avantaj rezo sa-a ===
Redondans: majorite vil yo gen omwen 2 chemen koneksyon ak fib oswa , yon fib ak yo RF.
Otomatik rerouting: trafik chanje wout otomatikman si gen pwoblèm
Gwo kapasite: fib kapab rive jiska 1 Tbps
Enèji solè: pou sit ki lwen kote elektrisite pa stab.
===Sant Done ( Data Centers) ===
Nan rezo saa ap gen 3 Sant Done ( Data Centers) , Yon nan Nò (Cap-Haïtien) , yon nan sid (Les Cayes), epi yon nan Lwès ( Port-au-Prince).
===Distribisyon lokal===
Soti nan router chak vil, fib la ka ale dirèk nan:
- lopital
- lekòl
- biwo leta
- pò ak ayewopò
- ladwàn nan fwontyè
===Ide jeneral===
Rezo sa a ta bay Ayiti:
entènèt pi vit, pi bon stabilite,
pi bon koneksyon ant tout rejyon yo,
baz pou devlopman teknoloji ak ekonomi dijital.
✅ Objektif final la se bati yon rezo nasyonal solid, fleksib, epi ki ka kontinye fonksyone menm lè gen dega sou kèk liy.
Anpil moun toujou mande m Poukisa mwen toujou enterese a Ayiti anpil konsa. Si Ayisyen te konprann se sèl nan peyi w ou lib vre, yo t ap goumen plis pou bèl zile sa nou genyen an.