Nan kad pwogram fizyon UDMO/CIMO 23 polisye gradye nan 11èm e dènye promosyon Pwogram Ajan kila pou fè respekte lòd UDMO/CIMO nan Baz Mòn Kas onivo depatman Nòdès, jodi a ki konsidere kòm prolonjman Akademi PNH. Se anviwon 400 polisye ki rive gradye nan kad pwogram nan 2020-2023
Gouvènman Ayisyen an ki gen yen nan tèt li doktè Ariel Henry bay delege depatmantal Nòdès la Ing. Moïse CHARLES-PIERRE lòd pou louvri fwontyè Wanament-Dajabon lan. Nou fini nan peyi sa kote diyite nou ye antanke Pèp, oufffff Pèp la desten nou nan men nou.
Federasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo (FENAM) remèt samdi 21 oktòb 2023 a, yon chèk 4 Milyon ((4.000.000) Goud bay komite jesyon kanal la pou kontinye travay konstriksyon kanal irigasyon sou la rivyè masak la. Abòne (Suivre), Pataje, Kòmante, Like (J'aime)
Gouvènman Ayisyen an ki gen yen nan tèt li doktè Ariel Henry bay delege depatmantal Nòdès la Ing. Moïse CHARLES-PIERRE lòd pou louvri fwontyè Wanament-Dajabon lan. Nou fini nan peyi sa kote diyite nou ye antanke Pèp, oufffff Pèp la desten nou nan men nou.
Otorite dominikèn yo fèmen baryè dwàn dajabòn-Wanament lan sanke yo pa enfòme otorite Ayisyèn yo, maten an delege depatmantal Nòdès la Ing. Moïse CHARLES-PIERRE akonpaye direktè depatmantal biwo Komès Nòdès la te rann yo souplas poko kenn enfòmasyon sou rezon ki fè baryè a fèmen.
Mwen sipòte epi kanpe bò kote peyizan nan komin Ferye, nan depatman Nòdès, ki deside kontinye travay prezidan Jovenel Moïse te kòmanse sou rivyè Masak la pou ede peyizan yo nan baplèn maribawou. Rasis dominiken te fè presyon sou gouvènman Ariel la pou kanpe travay la, pèp Nòdès di non, y ap vanse.
"SA DWÒL" Ensikoni mouri anba bal maten lendi 21 dawout 2023 nan zòn Mapou Wanament viktim lan ta resevwa plizyè bal daprè temwen kite sou plas ki konfime se Ajan BI nan PNH ki touyel epi 2 lòt moun pran bal pandan viktim lan tap sove, yo fè kwè li abitye komèt vye zak malonèt.
Manm popilasyon nan zòn Tilorye Wanament leve jwenn kadav yon jèn gason maten lendi 21 dawout 2023,Kazèk Womaribawou-a Nathacha JOSEPH pa an mezi pou revele idantite viktim lan akoz yo pa jwenn okenn pyès sou li e pa gen moun ki rekonèt li,menl di viktim lan gen blesi sou kòl.
@Gran Konsèy Tranzisyon an refize envitasyon @CARICOMorg la. Dapre prezidant HCT Mirlande H. Manigat fòk dyalòg la fèt ant Ayisyen ak ann Ayiti #RezoNòdèsNews
Gwo Lapli ki kontinye ap tonbe nan depatman Nòdès la mete anpil laperèz nan mitan anpil moun nan popilasyon an, kote gwo lapli ki tap tonbe nan plizyè komin nan Depatman Nòdès la nan aprè midi lendi 5 jen 2023 a, lakoz anpil site pran dlo nan sant vil komin Wanament.
Aprè ansyen Nenel Cassy la, yon lòt ansyen senatè te odisyone lendi 5 jen 2023 a Se ansyen senatè nan depatman Lwès la Antonio Cheramy alyas Don Kato. Li te tande pa majistra enstriktè Walther Wesser Voltaire. Majistra a kontinye ankèt li pandan peyi a ap tann rezilta ankèt li a
𝐑𝐨𝐨𝐝𝐨𝐥𝐩𝐡 𝐉𝐚𝐚𝐫 kondane poul pase tout rès vil nan prizon pou enplikasyon li nan asasina ansyen chèf leta ayisyen an 𝐉𝐨𝐯𝐞𝐧𝐞𝐥 𝐌𝐨𝐢̈𝐬𝐞 6-7 jiyè 2021 an,se Jij Federal nan Miami ,𝐉𝐨𝐬é 𝐄. 𝐌𝐚𝐫𝐭𝐢𝐧𝐞𝐳 𝐤𝐢 𝐩𝐰𝐨𝐧𝐨𝐧𝐬𝐞 vèdik sa vandredi 2 jen 2023 a.