@DjovanyMICHEL01 Mesye èske nou pa panse jou nou deside fè peyi p ap gen kesyon moun a lajan, moun san lajan pou dosye yo trete byen la jistis. Gen yon nonb de jou moun lan sipoze fè nan gad a vi. Otomatikman li ale o de la de jou an se abi. Alò, ke yo voye dosye a tribinal pou w pran santans ou.
@DjovanyMICHEL01 Sèl mal Rudy Sanon fè se aksepte mache ak Pierre Esperance youn nan moun yo di ki nan kraze peyi an. E li toujou ap denonse oubyen kanpe anfas moun ki kraze peyi yo. Men, se petèt se ak mon konpè a l ap mache se pa ak krazè peyi an...
Yè dimanch lan plis pase 13000 jenn fanm ak jenn gason patisipe nan egzamen entèlektyèl pou yo kapab rantre nan la polis peyi nou an. Poutan lè pou yo fèmen se mwens ke 1000 k ap arive fèmen. Kote pwoblèm lan ye?
Èske se nan la polis lan oubyen nan jenn fanm ak gason sa yo?
@windyphele Y ap fin arete Boulos w ap tande se pèsekisyon politik e kou nèg gouvènman fè fè ti kout y ap fin fè a, yon lòt ti gwoup ap vin fè tou pa yo epi y ap libere l. Sou pretèks ke la jistis ayisyèn pa t janm gen anyen kont li vrèman. Se yon fason yo t ap fè pou yo destabilize...