Nou pa ka konstwi Ayiti demen ak metòd yè. Fòk nou prepare peyi a pou ekonomi dijital, agrikilti modèn, bon gouvènans, ak yon jenerasyon jèn ki gen konpetans pou fè konpetisyon ak rès mond lan. Se pa sèlman chanje moun; se chanje sistèm nan.”
Jodi a, mwen rann omaj ak ansyen klas politik la pou kontribisyon li nan istwa peyi a. An menm tan, mwen di byenveni ak yon nouvo klas politik modèn ki chita sou vizyon, entegrite, konpetans ak sèvis pou pèp la. Ansanm, ann konstwi yon avni miyò pou Ayiti.
Mwen vle eksprime tout solidarite mwen ak popilasyon komin Benè a pandan vizit sa a. Nan moman difisil tankou sa yo, li enpòtan pou nou rete ini, sipòte youn lòt, epi kontinye kenbe espwa vivan.
Mwen santi doulè nou, mwen tande vwa nou, e mwen kanpe bò kote nou.
Yon Ayisyen k ap apiye yon ansyen lidè ki pa gen okenn palmarès klè pa dwe rete nan menm mantalite a. Politik pa dwe baze sou abitid oswa fidelite avèg, men sou rezilta, vizyon, ak devlopman reyèl pou peyi a.
Li lè pou nou chwazi lidè ki pote chanjman, ki gen plan solid.
Komin Benè, fwa sa fòk nou veye kò nou. Pa pran pawòl moun pou laverite. Verifye idantite yo, konnen kote yo soti. Benè bezwen verite, pa fo reklam.
Sèlman pitit Benè ki kapab rezoud pwoblèm Benè.
Chè jèn ayisyen,
Nou nan yon moman istorik kote lavni peyi nou an depann de patisipasyon nou. Mwen mande nou pou nou entegre nan politik peyi a, pou nou fè tande vwa nou, pou nou kontribye nan chanjman ki pral bati yon nouvo Ayiti.
Nouvel Ayiti a ap kòmanse avèk nou la jenès.
Jenès la pa ka entegre leta si sistèm nan rete menm jan an. Nou bezwen yon melanj ant eksperyans ak konesans modèn, ak plis itilizasyon teknoloji. Se konsa sèlman n ap ka gen yon leta ki mache ak tan li.
Jèn Benè, se moman pou nou leve kanpe! Se nou menm ki konnen doulè nou, bezwen nou, ak rèv nou. Ann mete tèt ansanm pou nou bati yon komin ki pi solid, pi jis, epi ki bay espwa pou tout moun.
Selman pitit Benè ki kapab rezoud problem Benè
@DrArielHenry Blofè pèp la ki mouri Jodia pa di anyen nan manifestasyon an,Bondye genyen poul jije w kanmenm,yon avyon pi enpotan ke pèp la,epi se kòb pèp la ki mete manje nan asyèt ou ak fanmiw 😭😭