Pandan pasaj mwen nan gran nĂČ peyi a, mwen te pwofite al enskri kĂČm elektĂš nan komin natal mwen teryewouj. KĂČm sitwayen se yon devwa sivik pou n patisipe nan egzĂšsis demokratik la pou n remete peyi a sou chimen devlopman.
#VivEleksyon#VivDemokrasi
PlizyĂš dizĂšn etidyan manm Mouvman Etidyan EDE (@EtidyanEde) nan komin Delma t al enskri kĂČm elektĂš nan kad kanpay sansibilizasyon « Yon fich, yon angaje » Pati politik EDE lanse sou tout peyi a.
Mwen vizite baz SĂČlda Salvadoryen yo dimanch 22 novanm nan.
Nan echanj mwen genyen ak jeneral kap dirije misyon an, nou pale sou plan sekirite nasyonal la ak strateji kap aplike pou konsolide chak avanse yo, nou pale tou sou wĂČl chak enstitisyon PNH, FAD'H, fĂČs SalvadĂČ yo ak FRG ki angaje nan konbat Gang yo sou tout teritwa nasyonal la.
Gang yo pap gen dĂČmi nan je
Mwen te profite de okazyon saa pou prezante nan non gouvĂšnman an ak tout pĂšp Ayisyen an solidarite nou bay fĂČs SalvadĂČ yo ki pĂšdi twa sĂČlda pandan yon manipilasyon eksplozif nan yon kan militĂš sou teritwa nou.
Nan dat 18 novanm 2026 la, KowĂČdinasyon Kominal EDE nan TwoudinĂČ te ĂČganize yon konferans-deba sou siyifikasyon istorik Batay VĂštyĂš ak eritaj li kite pou jenerasyon jodi a, 223 lane apre viktwa istorik sa a.
Nan kad kanpay sansibilizasyon enskripsyon pou elektĂš an. kowĂČdinasyon kominal pati politik EDE nan Trou-Du-Nord te foule beton an ayĂš dimanche 15 Novembre lan pou pale ak popilasyon an esplike yo enpĂČtans enskripsyon pou elektĂš a genyen.
Ansanm nap bati yon lĂČt Ayiti.