Apre gwo lapli ki te tonbe yè swa, Vice-Délégué Awondisman Gonayiv la, Rene Darius, ansanm ak Majistra Marc Emmanuel Berthaud, te mobilize ekip MTPTC yo pou fè yon entèvansyon ijans sou Wout Gatwa a. Travay netwayaj yo te vize retire labou, ak lòt debri ki te antrave sikilasyon an, pou pèmèt rezidan yo ak chofè yo sikile nan pi bon kondisyon. #ayiti #fblifestyle #politique
Kredi Koudey Enfo
Aprè yon seyans antrenman Brezil semèn sa nan New Jersey, zanmi Brase Boul yo te mande Lucas Paqueta kisa l panse de Ayiti, dezyèm advèsè Seleçao a nan Mondyal 2026 la.
Brezilyen an reponn ke se yon bon ekip. 🇭🇹
@Caleb_Jephte
Mondyal 2026- Ayiti ap prepare : ann suiv ansanm moman bizitaj (batèm) de (2) nouvo Grenadye yo, Lenny Joseph ak Dominique Simon, nan seleksyon nasyonal la.
@fhfhaiti
🔴 6 lane prizon pou Selondieu Joseph apre li te pase yon ti gason 15 lane anba gigit; TPI Okap rann desizyon an. Dapre Lalwa Lespinas, li deja pase 5 lane nan prizon, sa ki kite li ak 1 lane sèlman pou ranpli anvan liberasyon li.
Kredi Comactu
#repost@fhfhaiti
A kèk jou de Mondyal la, Grenadye yo frape fò kont Nouvèl Zeland jodi 2 jen an. 4 gòl pa 4 Grenadye diferan, 2 gadyen, 2 filè vyèj. Yon viktwa ki montre ekip la pare pou pi gwo randevou a.
Randevou vandredi 5 jen kont Pewou. Grenadye Alasoooo !