📌 Fè konesans ak Tracklist KNM 🙌
On ti goute sou sa k ap kwit pou 1e Desanm nan 😁
Si w ta vle premye moun ki o kouran lè album nan lage, al suiv RSON FAYA sou tout platfòm yo👇
https://t.co/8ey9bhHQ7H
✨Special thanks and big shout out to Layika for the artwork 🤌🫡
#KNM
🌍 Ado Ado yon eksperyans dijital🤭
M ofisyèlman konvèti Ado Ado ( https://t.co/Z2kW0svZBU ) an platfòm dijital 😊 ki fèt pou l enfòme, enspire epi konekte moun ak sa k ap make aktyalite yo, ak kilti epi inovasyon sesi ak resous nou😊 jan m te kòmanse l depi 2019 pou ateri an 2026, ou pral dekouvri vizyon ki te kache dèyè chak pòs m te konn pataje ak nou pou n te aprann pandan n te konn ap trip la😅
Ouvè https://t.co/Z2kW0svZBU sou laptop, tablèt, Telefòn w ap jwenn yon eksperyans inik nan chak aparèy sa yo
Sou Ado Ado, w ap jwenn:
Actualités • Entertainment • Musique • Espas Rap • Rap Info • Sport • Technologie • Culture • Éphéméride • À Savoir • Ado Ado
M kreye pou nou tou 🤖 Dony, asistan entèlijan ofisyèl platfòm lan, disponib 24/7 pou ede w jwenn atik, dekouvri nouvo kontni, konprann nouvèl yo epi navige sou sit la pi fasil. Se yon nouvo fason pou kominike ak enfòmasyon ( men atansyon w ka pa jwenn repons ankò si kredi m fini😆 donk si n vle ret la n a sipòte l)
https://t.co/Z2kW0svZBU
✨ Simple • Human • Evolving ✨
🚨 Jan nou ka wè nan videyo a, li bezwen sipò ak swen medikal prese prese, nenpòt ti èd ka fè yon gwo diferans nan lavil. Tanpri pataje mesaj sa a pou plis moun ka wè I epi lonje men bali.
Nan analiz Pepe te fè a, gen 3 pwoblèm ki poze.
1- Koze Bèlgad nan 3 dènye mwa ak Wolves yo pa bon an, se pa vre. Nan 3 dènye mwa yo, Wolverhampton te resi jwenn ti nivo e rantre R.B souvan entèresan.
2- Koze R.B pa gen nivo pou titilè nan ekip sa a si n baze sou pèfòmans li
Yonn nan gwo pwoblèm nou genyen nan sosyete a se difikilte pou nou disosye tèt nou ak wòl sosyal nou, ideyoloji nou oswa moun nou admire yo. Konsa, lè yon moun kritike yon atis,yon koz nap defann oswa yon foutbòlè nou renmen, nou santi se nou menm yo atake. Olye nou reponn agiman an, nou lanse atak pèsonèl sou moun nan.
Patrice Dumont pa gen menm pozisyon ak yon fanatik kap diskite foutbòl nan yon Space lè li gen tan. Se yon sijè li etidye, li fè rechèch sou li, li ekri sou li e li pratike l kòm metye. Sa pa vle di li toujou gen rezon, men sa vle di opinyon li merite pou yo konsidere l kòm yon pwennvi ki plis enfòme pase pa anpil nan nou.
Menm jan an tou, Bellegarde pa oblije dakò ak analiz yo fè sou li. Li gen dwa pa renmen yo e li menm gen dwa refize bay entèvyou. Men yon jwè pwofesyonèl pa ka konte sèlman sou pwòp jijman pa li sou nivo li. Nan tout espò pwofesyonèl, kritik ak evalyasyon ekstèn fè pati jwèt la.
Nou souvan kwè paske se nou ki sou teren kap viv yon eksperyans, lot moun ki deyo pa ka pi byen plase pase nou pou pale de domèn lan, menm si se travay yo pou yo pale de li. Se yon mit. Yon egzanp: Tout nwa pa pi byen plase pou pale de rasis menm jan tout fanm pa pi byen plase pou pale de feminis Jan anpil nan nou kwè sa. Se pou sa tout ansyen jwè foutbòl pa foseman fè pi bon konsiltan aprè karyè yo pase kèk moun ki pat janm jwe foutbòl.
Gen yon ekspeyans mantal ki rele "Mary's room" ki montre sa, gen diferans ant kenesans ou genyen a pati ekspeyans sibjektiv ou ak konesans syantifik ou genyen ki soti nan analiz, deskripsyon ak obsèvasyon.
Eksperyans pèsonèl gen valè, men li pa yon sous konesans espesyal ki depase tout lòt yo. Anpil fwa, se menm yon move rezònman estatistik. Sa fèw tire konklizyon jeneral sou yon sitiyasyon, yon fenomèn apati yon sèl echantiyon : tèt pa nou.
Yon moun tankou Patrice Dumont ka pa konnen sa sa ye pou li Bellegarde sou teren an. Men li gen lòt zouti: done estatistik, analiz taktik, konparezon istorik ak etid jwèt la. Zouti sa yo ka pèmèt li wè kèk bagay yon jwè ki anndan aksyon an pa wè.
Ronaldo, Messi oswa Mbappé tap kite jwe foutból si yo tap konte konbyen fwa yo kritike yo. Yo ka pa dakò ak analiz la, men se sou teren an yo reponn. Yon kritik sou nivo yon jwè pa fè Patrice Dumont vin mechan . Se senpleman yon opinyon sou pèfòmans espòtif, pa yon atak sou diyite Belllegarde kom moun. Repons lan pa ta dwe ad hominem, jan kèk moun ki pa gen agiman pou reponn sou fon delklarasyon li ap fè li a.
Eskem dako Belllegarde pa gen plas li nan Seleksyon an? Non, eskem kwè Patrice pat dwe fè delklarasyon an? Non. Si li panse sa, li dwe eksprime li. Repons eklere a se chèche konprann kisa li wèm mwen pa wè, kisa ki fè li kwè sa Li kwè a. Pespektiv pa nou pa menm. Se pa wòch pou nou tire sou li pou sa.
🚨💣 EXCLUSIVE: Denzel Dumfries to Real Madrid, HERE WE GO! ⚪️🇳🇱
Deal in place and all agreed with Dutch right back to join Real Madrid from Inter, Spanish club will trigger €20m release clause.
Dumfries has accepted Madrid, deal closed tonight and formal steps to follow.