@carelpedre Lè nou panse se blan ki AP devalorize nou, e poutan se nou menm nwa yo ankò k AP devalorize nwa yo. Si nou paka bay tèt nou valè se pa pou sa nou pa ta plenyen.
@carelpedre Nou toujou pran pawòl Yon ti gwoup pou pawòl pèp la, mwen t Konnen opòtinis yo t AP vinn la, pou bay pwoblèm wi se konsa yo toujou fè AK sa ki bon pou nasyon sa. Kote vèvè a la o kòmanseman li pat pwoblèm se pa kounya la pwoblèm. Yo bliye si se Yon figi jeyometri vèvè a ye tou.
@carelpedre Antouka, tout Moun gentan bliye sa vodou an fè, 18 novanm lan mw ta renmen Konnen kiyès kite ba yo li, kòk la ki nan mayo la Frans lan pa pwoblèm, men vèvè an pa bon.
M ap wè si n ap dakò devalorize sa k pou nou, pou bay valè AK sa ki pa menm nan orijin nou. Depi kilè bon konsa.
Ayisyen enbesil anpil wi, lè yo TAP touye Moun solino, nazon, delma, pòtay yo, pat janm gen elikoptè pou ede Moun sa yo, yo te gen absans materyèl men depi se siwo libanè yo gen tout bagay pou ti polisye yo batay, antouka. Se Ayiti sa nou gen. Pèsòn pa sousye de soufrans pèp la.
☠️Kou bandi atake malere cha yo make ensifizan, dwone yo make endiponib, elikoptè make entwouvab😒😒men kou yo apwoche gran nèg yo tout sa yo gen limit enfini😒 se sa ki Ayiti prezan🌚
Jodi a fè 105 ane depi yo te sakrifye ou pou nou🤦men nou bliye tout mati ou pase pou nou yo.
Men nan non pèp ayisyen an, Mwen kriye onè AK respè pou ou CHARLEMAGNE PERALTE, Jou sa ki se senbòl verite AK rezistans nou, nou dogwe pou nou salye ak tout brave ki alada kite tonbe.😭
@theyounggamy Enfidelite an pa bon m'enm non m'en nou menm nan sosyete non evolye sa yo nou toujou peze Yon bò plis ke Yon lot dekwa pou ka fè dévalorizasyon...m'en nou bliye tout si gason fè sa tou...pou nou gason ka fèl li pardone m'en fi paka padone....épi nou Di nou bezwen sosyete ki bon
@sterline_civil Anm mw pa knnen ou non m'en f knfyans AK èt envizib yo..eh mw kntan pask ou knnen Moun kite ba nou libète..pa pale de li anven slman anplis plis prudans kontinye sou chimen ou siw knnen se li ki mennen ou nan vérité an..anpil enèji..madame
Jodia fè 220 an de rezistans tout Moun bliye ou m'en nou nan 🐍 SFN 🐍 nou pa inyore Identité nou .pask se ou kite fè le monde Konnen ke nou ye Yon pèp ki lib tout bon,se pou nou kriye onè respè pou pask ou se fòs nou ou se nanm nou.
🐍 SFN 🐍 pwofite okazyon sa pou swete tout Pitit tè sa bòn fèt drapo ,eh pwofite Di yo pou yo retounen nan rasin yo pask limyè ki pou Gide nou nan bon chemin an se nan kilti nou li ye,pa bliye se nou ki pou sove tèt nou.
Ayibobo pou nou tout
Bòn fèt drapo ak tout ayisyen.