Nòt pou Laprès...
Nouvo fòs etranje yo!!!
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, salye tout pèp ayisyen an alawonnbadè, viktim ensekirite pwograme a, vanyan polisye yo, sitou sila yo ki malad, andikape, ansanm ak fanmi polisye ki mouri nan batay kont gang ame tout kalte yo.
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, pran nòt de ansanm pwopagann otorite leta yo ak divès medya ap fè pou nouvo fòs etranje ki debake apre MMS la.
Ayiti se youn nan peyi ki deja konnen plis fòs ak misyon etranje, men pou prèske zewo rezilta konkrè sou kestyon sekirite a.
SENDIKA LAPOLIS la kwè okenn fòs etranje, okenn peyi etranje pa gen enterè yo vre nan tabli sekirite dirab an Ayiti, paske enstabilite ak ensekirite nan peyi a tounen yon biznis pwofitab pou divès peyi ak òganizasyon entènasyonal k ap fè milyon sou do mizè pèp ayisyen an.
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, kwè tout koperasyon nan domèn sekirite ki pa vize ranfòse kapasite Lapolis Nasyonal Dayiti (@pnh_officiel) ak Fòs Ame Dayiti (#FADH) pap pote okenn solisyon reyèl pou Ayiti. Pwoblèm ensekirite a dwe adrese sou plan estriktirèl, ekonomik ak estratejik pou retire peyi a nan sitiyasyon li ye jodi a.
SENDIKA LAPOLIS la pwopoze mezi sa yo pou konbat ensekirite a :
Reyalize yon pwosesis vetting serye nan @pnh_officiel la, paske se youn nan sèl fason pou sove enstitisyon an.
Ranfòse kapasite operasyonèl Lapolis ak Lame a pou konbat ensekirite a :
@pnh_officiel la dwe rekipere teritwa yo;
#FADH la dwe konsolide ak sekirize chak teritwa ki rekipere yo.
Mete sou pye yon plan sekirite nasyonal sou 3 nivo :
●Sekirite aeryèn ,
●Sekirite tèrès ,
●Sekirite maritim.
Ogmante salè, avantaj sosyal ak kondisyon travay polisye ak militè yo.
Chanje oubyen modifye :
Inifòm Lapolis yo ;
Plak machin ofisyèl yo : @pnh_officiel, #OF, #SE, #CD, elatriye ;
Bay chak polisye yon plak espesyal oubyen yon idantifyan biyometrik pou fasilite idantifikasyon yo.
Kanpe pandan yon peryòd 1 lane tout koze “vit tente” sou machin atravè teritwa nasyonal la.
Entèdi tout veyikil sikile ak ansyen plak oubyen san plak idantifikasyon.
Enstale kamera siveyans nan tout espas ak teritwa ki poko anba kontwòl gang yo.
Itilize teknoloji modèn pou kreye yon bazdone nasyonal ki kapab idantifye :
Chak veyikil ;
Chak zam ;
Chak moun k ap sikile sou vwa piblik la atravè peyi a.
Mete an plas yon sistèm kominikasyon espesyal, modèn ak sekirize pou @pnh_officiel ak #FADH nan kad operasyon yo.
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, kwè Ayiti bezwen sipò entènasyonal, men se pa nan voye fòs pèpè, mèsenè oubyen eleman konwonpi k ap alimante ensekirite a pou fè plis lajan sou malè pèp ayisyen an.
Sendika a mande pèp ayisyen an, vanyan polisye yo ak militè yo pou yo rete vijilan fas ak konbinezon fòs etranje ak mèsenè ki deja sou teren an. Siyal yo montre otorite sila yo pa gen vrè volonte politik ni enterè reyèl pou retire Ayiti nan kriz la.
@SPNH_17 ap kontinye denonse, kritike epi pwopoze solisyon konkrè pou retire Ayiti anba konplo ak biznis ensekirite a.
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, devan evidans ki genyen sou koripsyon nan rekritman @pnh_officiel la ak eskandal ki te genyen nan 35e pwomosyon an kote plizyè dizèn aspiran pat pase pwosedi nòmal yo, mande yon ankèt serye sou pwogram P4000 lan, ansanm ak tout nouvo polisye ki soti ladan l yo.
Koripsyon ki genyen nan rekritman @pnh_officiel la deja lakoz revokasyon plizyè responsab nan Seksyon Medikal ak nan Lekòl Nasyonal Polis la. Egzistans koripsyon sa yo menm konfime pa yon nòt direksyon kominikasyon @pnh_officiel la kote otorite yo fè konnen gen ankèt k ap fèt pou responsabilize otè yo.
@SPNH_17 kwè nenpòt polisye ki antre nan @pnh_officiel anba tab, san respekte pwosesis rekritman yo, pap pote okenn valè pou enstitisyon an. Li pa nòmal pou gen moun k ap touche jiska 50,000 goud pou vann plas nan #ENP.
Sendika Lapolis la pap dakò pou koripsyon detwi enstitisyon an nèt ale.
Yon ankèt dwe fèt sou tout polisye ki soti nan pwogram P4000 lan.
🚨 Abi pouvwa, Pèsekisyon ak Zak ilegal 🚨
@SPNH_17 denonse ak tout fòs kanpay pèsekisyon ak abi DG Paraison ap mennen kont Kòdonatè Sendika Lapolis la, Enspektè Divizyonè Garry Jean-Baptiste, ki toujou kanpe pou defann dwa polisye yo ansanm ak fanmi polisye ki mouri yo.
Sendika a kalifye zak sa yo tankou pratik diktati ak makout, kote konstitisyon, lalwa ak règ pat egziste.
@SPNH_17 ap enfòme sosyete a ke apre liberasyon 4 polisye yo, DG Paraison ak ekip li pran plizyè desizyon ilegal kont Kòdonatè a:
1️⃣ Eseye retire grad li ilegalman,
2️⃣ Kenbe kat #BNC li,
3️⃣ Refize bay fanmi li chèk mwa avril la,
4️⃣ Retire li nan lis #DCPR, sa ki vle di transfere li.
Sendika a raple yon polisye ki sou vwayaj ofisyèl @pnh_officiel pou etidye avèk yon bous @pnh_officiel pa ka sibi sanksyon ni transfè ilegal.
Zak sa yo montre klèman ekip DG Paraison an deside atake Sendika Lapolis la paske li kontinye defann enterè polisye yo ak enterè enstitisyon an.
@SPNH_17 pwomèt li pral kanpe anfas tout pèsekisyon sa yo. Dwa sendikal garanti pa konvansyon entènasyonal, konstitisyon ak lwa peyi a. Okenn tantativ entimidasyon pap retire dwa sa yo.
#VivPNH 🇭🇹!!!
#VivSPNH-17 !!!✊🏾
#Vivtoutpolisyekonsekanyo!!!
🆘 Lwès 2/@pnh_officiel 🆘
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, wè ak anpil kè sere imaj plizyè milye sitwayen nan plèn, depatman Lwès la ki oblije pran lari akoz gang ame anvayi lakay yo. Sitiyasyon sa deja lakoz plis pase 20 mil moun pèdi lavi yo nan depatman Lwès sèlman pandan dènye ane sa yo.
Sendika Lapolis la mande #CSPN rekonèt echèk li devan degradasyon sekirite a kote @pnh_officiel la vin destabilize, polisye yo,demotive paske enstitisyon an pa dirije jan sa dwe fèt.
@SPNH_17 kwè ensekirite a vin pi grav paske Lapolis la ap vin pi fèb malgre li resevwa plis materyèl, plis mwayen ak plis efektif.
Sendika a mande #CSPN ak @DG_PNH la esplike popilasyon an kote materyèl sila yo pase:
●3 cha daso peyi Corée du Sud te bay,
●Plis pase 40 nouvo ti blende,
●Plizyè santèn zam ak minisyon,
●Anpil milyon goud ak dola ki te bay pou kore @pnh_officiel la
Yon Lapolis ki divize, kote polisye sibi abi ak pèsekisyon, pap janm ka bay bon rezilta nan konba kont gang yo.
@SPNH_17 mande #CSPN Delmas prese prese, sinon tout otorite yo ka oblije pèdi kontwòl sitiyasyon an ansanm ak pòs yo avan lontan.
Felisitasyon CD Jeannette BATEAU SALOMON!!!
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, salye yon fanm konpetan andan @pnh_officiel, yon polisyè ki montrel konprann soufrans polisye nan prizon ak madan Polisye ki mouri yo. CD BATEAU, yon fanm ke tout Lapolis la merite konnen non selman pou konpetans li ak yon " Maîtrise en défense et sécurité stratégique "nan lakou peyi etazini , yon pesonaj ke nom li pa janm site nan okenn move bagay andan @pnh_officiel la, yon modél pou jenn polisye andan enstitisyon polis la.
SENDIKA LAPOLIS la, remesyel piblikman pou angajmanl bo kote divès polisye ki nan prizon ak madan Polisye ki mouri. @pnh_officiel la bezwen modèl sila yo pou mete lapolis la sou ray efikasite ak pwofesyonalism.
Chapo ak CD BATEAU Jeannette pou sipò l bay polisye ki nan sityasyon difisil yo.
@SPNH_17 ap sipote tout polisye onét , kredib ak Konpetan.
🚨 Kriz/ Eskandal/ @pnh_officiel 🚨
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, salye kouraj kèk Otorite andan @pnh_officiel la ki kòmanse konfime e denonse nivo koripsyon ki anvayi sistèm rekritman Lapolis la depi plizyè ane, espesyalman nan seksyon medikal la.
Gen enfòmasyon serye ki fè kwè kèk kandida te oblije bay jiska 50 000 goud pou jwenn entegrasyon yo nan @pnh_officiel. Ankèt ki ap fèt yo ta revele rezo koripsyon sa gen ladan li Enspektè Jeneral(IG) ansanm ak Komisè nan pi wo nivo enstitisyon an.
@SPNH_17 ap raple popilasyon an ke nan 35e pwomosyon @pnh_officiel la, te genyen anviwon 100 aspiran ki te rantre san respekte pwosedi rekritman legal yo.
Sendika Lapolis la mande Lajistis ak @ULCCHaiti pou mennen ankèt serye pou mete fen ak koripsyon k ap detwi kredibilite ak avni @pnh_officiel la.
Nap raple tou se aprè denonsyasyon @SPNH_17, @DG_PNH la te revoke Doktè Sony nan menm dosye sa.
@SPNH_17 kontinye fè travay li nan denonse dérive, koripsyon ak move pratik k ap febli enstitisyon an. Sendika a ap tann yon nòt ofisyèl @DG_PNH la pou rekonèt travay enpòtan li fè nan idantifye gwo pwoblèm sa yo andan @pnh_officiel la.
#Abakoripsyon!!! #Abaenpinite!!!
🚨 Tweet: Alèt Wouj / Ensekirite 🚨
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, ap atire atansyon sila yo ki di yo se otorite nan peyi a sou evantyèl ranfòsman gang yo nan objektif pou atake pi byen fòs lòd yo, LAPOLIS ak Lame a.
Enfòmasyon k ap sikile yo fè kwè gang yo ap fè akizisyon yon seri materyèl tankou zam, minisyon, ansanm ak ekipman teknolojik sofistike tankou dròn siveyans ak dròn kamikaz.
SENDIKA LAPOLIS la ap mande #CSPN nan pran dispozisyon san pèdi tan pou kòmanse atake gang yo nan baz yo, nan lide pou anpeche yo mete anplas nouvo estrateji pou ogmante kapasite atak yo kont popilasyon an ak fòs lòd yo.
Enkapasite ak mank volonte otorite tranzisyon yo ki la depi plis pase 5 an deja koute Ayiti youn nan pi gwo katastwòf li janm konnen. Ti jwèt dròn yo depi plis pase 1 an san okenn rezilta montre aklè MMS, Mésené ak fòs pèpè yo pa pote okenn solisyon reyèl pou peyi a.
#Ababiznisensekirite.
🆘 Pou 2 Polisye nan Prizon Latibonit 🆘
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, ap alète Otorite @pnh_officiel yo, espesyalman @igpnh la, sou sitiyasyon grav Jean Phillipe Ricardo, mat. 23-33-09-20539, ak Valbrun Guesny, mat. 23-33-16-21056, ki se 2 polisye Gad Avi Komisarya Frecineau nan depatman Latibonit.
2 polisye sa yo, ki soti nan 33èm pwomosyon @pnh_officiel la, sou wout pou pèdi lavi yo akoz frajilite zòn nan kote bandi yo ap vanse sou Senmak.
@SPNH_17 mande Enspeksyon Jeneral Lapolis la pou panche sou dosye a paske lajistis nan depatman an deja jwenn yon antant ak fanmi viktim nan, epi yon ak dezisteman deja siyen. Lajistis pa pouswiv polisye yo ankò sou dosye sa.
@pnh_officiel la dwe pwoteje jenn polisye sila yo ki ap soufri depi plis pase 2 mwa dèyè bawo pandan tout pati yo deja jwenn antant devan otorite jidisyè Senmak yo.
Sou baz antant ak dezisteman fanmi viktim nan, Sendika Lapolis la mande @igpnh la libere polisye yo epi pèmèt yo retounen travay avèk akonpayman enstitisyon an.
Lapolis la pa gen enterè kenbe 2 polisye nan prizon pandan fanmi viktim nan ak polisye yo deja jwenn yon antant legal devan lajistis.
#CSPN / #PNH@SPNH_17, Sendika Lapolis la, konstate #CSPN nan ansanm ak tout Gouvènman an ap pran divès desizyon pou plizyè sektè nan peyi a. Malerezman, sektè ki pi enpòtan an, ki se sekirite piblik la ak vanyan polisye yo ki chak jou ap sakrifye lavi yo pou peyi a pa tonbe nèt, toujou rete neglije.
Se gras ak polisye yo anpil otorite toujou egziste jounen jodi a. Men malgre tout revandikasyon ki deja fèt, pa gen okenn desizyon konkrè ki pran an favè pèsonèl @pnh_officiel la.
@SPNH_17 mande tout polisye rete mobilize epi pare pou fè otorite yo tande revandikasyon lejitim yo.
Sendika Lapolis la mande #CSPN pran mezi sa yo touswit pou tout pèsonèl @pnh_officiel la ansanm ak pitit polisye ki mouri yo:
1️⃣ Mete bon jan lidèchip nan tèt @pnh_officiel la ak responsab ki pap pèsekite, imilye oswa fè abi sou polisye yo. Twòp kriz ak fristrasyon ap detwi enstitisyon an.
2️⃣ Bay tout pèsonèl @pnh_officiel la ogmantasyon salè ak prim risk.
3️⃣ Peye 10, 8 ak 7 lane aryere grad polisye yo.
4️⃣ Debloke 36 mwa fon pansyon polisye ki nan retrèt yo.
5️⃣ Rezoud pwoblèm asirans sante a epi mete sou pye yon sant terapi pou polisye malad ak andikape yo.
Si sekirite se vrèman yon priyorite, pèsonèl @pnh_officiel yo pa ka kontinye ap viv nan mizè pandan anpil otorite ap viv alèz nan gwo otèl.
@SPNH_17 mande aksyon konkrè, pa pwomès.
🆘 Senmak/@pnh_officiel 🆘
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, lanse yon gwo avètisman sou degradasyon sekirite nan Latibonit kote plizyè zòn tonbe anba kontwòl gang, pandan otorite yo pa montre okenn plan serye pou reprann teren an.
Sendika a di li enkyè anpil lè li konstate popilasyon an ap vire kont komisarya ak polisye yo, tandiske se menm popilasyon sa a ki ta dwe alye natirèl @pnh_officiel nan batay kont ensekirite a. Sitiyasyon sa a tradui yon pèt konfyans grav.
@SPNH_17 mande #CSPN ,pran mezi ijan ak konkrè: retire polisye nan detachman inités espesyalize yo pou ranfòse komisarya Senmak, epi lanse operasyon serye pou reprann Montrouis ak lòt zòn ki anba dominasyon gang depi plizyè mwa.
Sendika a ensiste sou nesesite pou @pnh_officiel ak #fadh mete tèt yo ansanm pou reprann kontwòl teritwa a, paske sekirite peyi a se responsabilite Leta.
Pèdi Latibonit, Lwès ak Sant se pa aza, men konsekans dirèk feblès ak inaksyon otorite yo.
Kriz andedan @pnh_officiel la...
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, pa ka rete an silans devan kriz k ap ravaje @pnh_officiel la. Sendika a denonse silans #CSPN ak DG Paraison sou plizyè dosye grav:
1️⃣ Jiskaprezan pa gen okenn mezi kont #DDO1, CD Cantave Yvon, nan dosye sekestrasyon polisye yo, pandan 4 nan yo toujou kenbe anba mezi konsèvatwa.
2️⃣ Yon polisye #UDMO sibi imilyasyon, bastonad ak menm tantativ asasina nan Chanmas.
3️⃣ Pèsonèl administratif Lucson Beaubrun viktim bastonad ak arestasyon ilegal, malgre li depoze plent nan @igpnh.
4️⃣ Okenn volonte klè pou kraze rezo koripsyon anndan @pnh_officiel la, kote ansyen polisye ak pèsonèl administratif kontinye touche chèk pandan plizyè ane, pandan gen gwo chèf k ap fè lajan sou do sistèm nan.
Malgre pèsekisyon ak represyon sendikal, @SPNH_17 pap fè bak nan batay pou yon @pnh_officiel ki pi jis ak pi efikas.
Koripsyon, abi ak inyorans se pwazon k ap detwi @pnh_officiel la.
Transfè/@pnh_officiel@SPNH_17, Sendika Lapolis la, konstate plizyè lis k ap sikile konsènan transfè divès polisye ki te nan Latibonit, k al reyafekte nan Kenscoff ak yon lòt lis ki fè konnen 92 polisye #USGPN al deplwaye nan depatman Latibonit ak Nò.
Sendika a fè konnen sistèm transfè ki egziste depi plis pase 30 ane nan @pnh_officiel la pa adapte ak reyalite sekirite jounen jodi a. Li pa akseptab pou transfere polisye san Wo Kòmandman an pa planifye mwayen transpó sekirize pou garanti deplasman polisye yo rive nan nouvo pòs yo.
Pandan otorite yo sèvi ak elikoptè pou deplase ale nan pwovens yo, polisye yo ki nan stad ajan ekspoze pou travèse zòn ki anba kontwòl gang yo pou rive al pran pós yo.
Plis pase 10 polisye deja kidnape nan menm kondisyon sa yo, pami yo gen ajan inite espesyalize tankou #CIMO ak #UDMO.
@SPNH_17 egzije Leta mete mwayen ayeryen disponib pou transpòte polisye yo, pou pwoteje lavi yo ak asire misyon yo.
Transfè pa dwe tounen yon zouti pinisyon ni yon fason pou livre polisye bay gang.
Sendika a mande DG Paraison entèvni prese prese pou polisye viktim yo ka jwenn swen ka yo nesesite.
@SPNH_17 ap kontinye mande Leta Ayisyen ak #CSPN pou konstwi yon inite swen espesyal pou polisye yo. Apre plis pase 30 ane, PNH dwe gen yon lopital referans pou polisye yo !!!
@SPNH_17, Sendika Lapolis la, enfòme gen plizyè polisye ki blese nan entèvansyon ki te fèt Delmas yo k ap soufri akòz mank swen medikal apwopriye nan kapital la. Daprè fanmi yo, yo oblije al achte medikaman ak materyèl medikal deyò pote vini bay Doktè yo nan lopital la.
@SPNH_17 , Sendika Lapolis la, ap atire atansyon #DGPNH ak ekip li sou gwo danje ki genyen lè plizyè milye polisye ap sikile ak badj ekspire oswa ki pèdi. Sendika a mande, yon fwa ankò, pou mete sèvis idantifikasyon nan tout rejyon Depatmantal yo pou renouvle badj polisye yo.
Le Syndicat de la Police a averti, le 16 février 2026, des risques liés aux badges expirés ou perdus et demande leur renouvellement dans tout le pays. Le @SPNH_17 critique parallèlement dans un tweet la centralisation des services à Port-au-Prince. « La question des badges est qualifiée d’urgence nationale », a-t-il rappelé. @josephlunieOFF@pnh_officiel@DGParaison
Ogmantasyon Salè / @pnh_officiel@SPNH_17, Sendika Lapolis la, anonse pèp ayisyen an, laprès ak tout polisye nan peyi a, Mobilize : Sendika a ap tann bidjè rektifikatif twazyèm tranzisyon an. Si otorite yo pa deside ogmante salè, epi rezoud dosye asirans sante polisye yo,
Si Leta kapab peye plis pase 100 moun 10, 20, 30 milyon goud pa mwa, li pa nòmal pou polisye yo rete ak 30 000 goud (anviwon 200 USD) kom salè de baz .
Rès Ayiti a kanpe gras ak sakrifis polisye yo. Yo merite yon minimòm.
Yon polisye ki pa ka manje pa ka pwoteje.