Chak gout efò, chak mouvman, chak defi se yon etap pou vin pi fò. 💪🏾
Pou moun ki kwè nan tèt yo, ki renmen pran swen kò yo epi ki chwazi evolye chak jou.
Disipli’n jodi a se fòs ou demen… kreye’l.
NANAFIT — Fòk ou kwè nan ou.
Se ofisyèl! 🇭🇹🌍 UNESCO fèk mete "Konpa Ayiti" a sou lis Eritaj Kiltirèl Imanite a pandan 20yèm sesyon an nan New Delhi.
Men rezime rapid kijan sa te pase:
Komite a salye Konpa a kòm yon zouti rezistans ak lapè, epi yo vote enskripsyon an san okenn objeksyon anba gwo aplodisman.
Delegasyon Ayiti a dekri Konpa a kòm "souf pèp la" epi dedye viktwa a bay defen Dadou Pasquet.
Yo raple ke viktwa kiltirèl sa a tonbe menm moman ak kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la.