♦️Ou se yon Etidyan, ou se yon pwofesyonèl?
ou fenk rive Etazini , ou poko kapab deplase pou kòmanse yon kou anglè, oswa wap tann Biden ou tonbe?
Men kèk aplikasyon map patage avèw ki kapab ede w aprann oswa amelyore anglè ou.
♦️Memrise: Se yon aplikasyon kap vrèman ede w memorize vokabilè anglè ou. Si w fenk ap kòmanse aprann anglè, lap vrèman ede ou.
♦️Babbel: Se yon aplikasyon ki mete aksan sou plis pratik, e nenpòt nivo ou genyen nan anglè a,lap ede w nan vokabilè a ak tout gramè.
♦️Duolingo: se yon aplikasyon ki popilè anpil, li edew nan pwononsyasyon mo yo, epi li gen anpil ezèsis nan li kap ede w amelyore vokabilè ou ak gramè ou.
♦️Hello Talk: Se yon aplikasyon ki pèmèt ou fè pratik avèk kèk speakers ki tou disponib sou app la, konsa ou ka fè pratik ak lòt manb yo tou swa pa apèl oswa pa videyo. Ou gen posiblite pou rankontre yo si ou vle.
♦️Cake: se yon aplikayon ki ede w nan pwononsyasyon mo yo. Li pwopoze videyo leson yo ak tout soutit yo.
♦️Rosseta Stone: Se yon aplikasyon ki itilize imaj, jwèt ak son pou w ka aprann ou anglè a pi fasil. Pou 2023, apps sa klase #1 kòm app ki pi bon pou aprann anglè dapre google.
♦️Ted Talks: Se yon aplikasyon ou ka tande pakèt konferans sou li de kèk espè nan diferan domènn. Li ede w anrichi vokabilè ou e amelyore pwononsyasyon ou.
♦️BBC Learning english: se yon aplikasyon ki pwopoze pakèt odyo ak videyo nan diferan domènn ki edew amelyore pwononsyasyon w lè w ap pale. Ou gen aksè a kèk atik e ezèsis tou kap ede w nan vokabilè ou.
♦️Oxford Dictionnary: se yon aplikasyon ki prezante sou fòm diksyonè, li baw posiblite pou w aprann òtograf mo yo. (Li gen liv ladanl tou)
♦️Kèk nan Aplikasyon sa yo klase selon google pou ane 2023 a kòm meyè aplikasyon pou aprann anglè.
♦️Ou pa oblige telechage tout ansanm, ou ka chwazi pa rapò a objektif ou e nivo anglè ou genyen oswa pa rapò a sa ki priyoritew pou konya.
♦️Pa bliye ou gen yon telefònn entelijan nan men w, ou ka fè l tounen yon zouti pou fòme tèt ou.
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Sispann achte tikè avyon sòti Ayiti pou vini Etazini byen chè. Se yon vòl mwens 2è tan, avan ou achte tikè swiv konsèy tweet sa, mwen garanti w wap ”save ” yon valè lajan: (https://t.co/2WFxTaXF29)
▪️Pou kòmanse, si se pa yon maryaj wap vini fè isi bat pou w « flexible » nan achte tikè, rezon an senp yon jou sèlman kapab ede w save plis pase $150.
▪️An jeneral, ou pa ta dwe achte tikè w bridsoukou si w pa genyen yon ijans. Vwayaje nan jou semènn yo se pi bon lè pou « book » tikè w paske lasemènn gen mwens aktivite epi lè vòl la pral fèt la se lè sa konpayi avyon yo pwofite monte pri an.
▪️Toujou eseye konpare pri tikè yo sou plizyè vòl sa vle di yon zouti tankou Kayak, Skyscanner, Google flights se pi bon fason pou konpare pri epi chwazi sa ki mwens chè a. Platfòm sa souvan bay bon deal ki ede w « save » lajan.
▪️Toujou eseye wè ki Ayewopò ki pi prè kote w ta renmen desann lan sa kapab ede yon gwo diferans nan pri, kòm ekzanp si wap desann Ayewopò Fort Lauderdale, yon ti chanjman desann Ayewopò Miami konn ede w « save » anpil lajan men sa depann de moun ki ap vin chèche w.
▪️Lè wap veye bon pri konsa toujou “clean browser “ pou retire “cookies”oubyen ale an mode incognito paske “cookies” an ede konpayi avyon yo swiv ou, yo ka menm monte pri a sou ou rapid rapid.
▪️Espesyalman si yon benefisyè pwogram Biden lan ap antre isi Etazini li kapab achte yon “one way” tikè , si ou ta achte yon “round trip” se yon lajan pèdi. Epi pa bliye achte tikè w lè “Travel Authorization “ ou nan men ou pou si gen chanjam pou pa pèdi kòb ou.
▪️ Dènye pwen an se fason sa, imajine w ou ta gen lide antre isi semènn 20
Janvye , pri nòmal tikè sa yo preske $400 depann de avyon wap pran men ak link sa ki souvan bay gwo “discount”menm tikè sa ap koute w $182 dola. “Save” preske $200 dwe nan avantaj ou kèlkeswa nan “state”ou prale a.
Kidonk #bookmark link sa pou lè w bezwen : 👉 https://t.co/2WFxTaXF29
#travel #Airport #bestprice