Nou felisite tout moun ki dakò foule beton an pou fè respekte dwa yo. Nou te anpil nan lari a ki ap mande desann pri gaz la, moute salè a, debloke peyi a. 1e me 2026, nou dwe plizyè milye ki ap soti depi kafou 3 men pou al bout devan Vila Dakèy.
Opozisyon Konstriktif (OK) condamne l'arrestation de Rebèl Corneille dans la ville des Cayes, le mardi 7 avril 2026. C'est une menace grave contre la démocratie, où les opposants en Haïti n'ont pas la liberté de faire valoir leurs revendications. Nous rappelons qu'Opozisyon Konstriktif (OK) a lancé un grand mouvement de soulèvement depuis le lundi 6 avril. Ce groupe de jeunes, qui n'est ni aligné ni en complicité avec les politiciens traditionnels, déclare : « Ils n'ont ni jour, ni heure. » Un mouvement contre le prix de l'essence que la population embrasse.
#dynamic_post
Pa di w pat konnen! Lè pri yon galon gaz pi wo pase salè minimòm, se di yo di w si yo paka touye w pa bal y ap touye w ak grangou. Sonje! Tout moun "ONU" di ki mete gang nan peyi a, ki fè masak Lasiri, Janrabèl, Lasalin elt... gen reprezantan yo nan gouvènman sa.
Mwen kondane pwopo seksis gwoup moun ki te nan KPT a ap fè sou fanm ki apèn nome yo. Poukisa depi se yon fanm ki nan yon pozisyon nou atribiye l ak pati entim li? Mwen dakò pou n kesyone konpetans tout moun menm remake rigè nou pretann ap defann nan plis panche sou kesyon jan.
Nou se dènye jenerasyon ki pou viv sa k ap pase la.
Nou se dènye jenerasyon kote manje se liks.
Nou se dènye jenerasyon ki pa gen dwa pou viv.
Nou se dènye jenerasyon ki paka sikile.
Nou se dènye jenerasyon ki ap viv koripsyon.
#Tchalenj_Jenerasyon_Z
Lafrik se nou, nou se Lafrik. Batay pou byennèt ak otodetèminasyon peyi a se priyorite nou menm nan FÒS. N ap chita ak tout pèp nan enterè peyi nou, pyès lòt nasyon paka enpoze n sa nou vle pou peyi nou.
Ret branche !
Lajenès fè kè nou kontan, delivrans lan pa lwen. Nou pap kite pou se sila yo ki te mete nou nan pwoblèm ki vin trase wout pou nou ankò. Menm jan ak Toussaint, n ap chita pale ak tout moun epi enpoze lide nou. Depi enterè a pa Ayiti, nou pa ladan l!
Merci infiniment aux compatriotes de l'Association d'Intégration au Sommet pour cette distinction que j’ai reçue avec beaucoup d’humilité et de gratitude.
#RejyonNòapapperi#Ayitipakaperi
Vèkèlè! Li tap twò fasil pou w fin patisipe nan kreve bato a pou w panse w ka sove kite l. li klè, klas politik pòst-1986 la echwe. Yo fè dega yo ansanm, yo dwe koule ansanm. Nou lèd anpil, aprè yon lane pouvwa menm yon konferans granmoun sanwont yo paka fè pou bay bilan.
Ki mòd strateji sa yo mezanmi? Foli pouvwa paka fè n ap krache sou peyi a. Politik "tout mwayen bon" sa dwe sispann. Menm lè nou pa respekte tèt nou men gen yon tikras respè pou zansèt yo. Sa tris, pou jounen jodi a nèg ap itilize "blan di" kòm strateji nan politik.