Pou nou KLE ! KOUDEKONT fè odit. Se Palman an ki bay dechaj pour MINIS ak Premier Minis ( LEU GEN PALMAN) Se sa KOUDEKONT raple nan avi li pibliye 12 novanm nan, kote li site atik 233 Konstitisyon an.
Apre odit la, KOUDEKONT bay yon rapò sou jesyon an, ki ka favorab oswa defavorab selon sa yo jwen dan ODIT la.
Jodi a, AYITI ap fonksyone andeyò kad nòmal Konstitisyon an. Palman an pa fonksyone depi plis ke 5 an . Ki jan nou ka sèvi ak menm Konstitisyon sa a pou mande you moun bay yon papye se Palman an ki ta dwe bay? Pandan pa gen palman. Bagay moun fou !
Nou gen de presedan. An 2006, leu pat gen PALMAN sou tranzisyon Boniface Alexandre ak Gérard Latortue la, yon dekrè te bay plizyè ansyen responsab dechaj. An 2021, leu pat gen palman , Prezidan Jovenel Moïse te pran yon dekrè pou bay dechaj ak ansyen minis ak ansyen premye minis ki te sèvi ant 1991 ak 2017 e ki te gen yon rapò odit favorab.
Mwen menm, mwen te benefisye dechaj sa a an 2021, LÈ PAT GEN PALMAN, paske mwen te gen 4 rapò odit favorab KOUDEKONT te bay sou jesyon mwen ( 2 Primature, MAE, MPCE )
Jounen jodiya Men sa map pwopoze: Kom PA GEN PALMAN jodiya , Gouvènman an ta dwe suiv egzanp JOVENEL+ LATORTUE yo epi pibliye yon dekrè pou bay dechaj ak tout ansyen minis ak ansyen premye minis ki vle patisipe nan eleksyon yo e ki gen yon rapò odit favorab. Menm règ la pou tout moun.