@DjovanyMICHEL01 Mwen poko janm wè nèg odasye e pi rizèz ke misye. Li te di li pa rekonèt Patrick Noramé. Podyab jistis nou an an lambeau; menm malandren sa yo fin kraze'l.
@DJean4122@VelinaEC Yo te gen pou devwa enfòme'l depi lèl vin pran sèvis la sou ki mòd pèman yo aksepte. Yo ta dwe menm afiche'l, byen vizib, pou izaje yo wè sa depi nan rantre ya. Dayè mwen pa kwè okenn moun ki gen bon sans pral mache ak pil lajan kach sou li Ayiti.
Komisè Guy Philippe menmjan ak polisye Marie Christine Jeune te refize kite bandi gang chimè derespekte Lapolis.- @pnh_officiel
Anpil moun blye si kòz rebelyon Guy Philippe kont Prezidan Aristide se paske lite refize aksepte yon chimè yo te rele Ronald Kadav bay Komisè polis Jacky Nau, Pè Lebrun nan Komin Delmas.
Sa te pase pandan Aristid t'a pral depoze kandidati li pou’l retounen sou pouvwa nan eleksyon desanm 2000. Apre zak rebelyon sa, Aristide fè konplo akize Guy Philippe ak 4 lòt komisè de koudeta, lage chimè deyèl. Li te oblije ale sere an egzil Sendomeng.
Lè Guy Philippe rantre an Haiti soti Sendomeng an 2003, se tout peyi-a kite gen mouvman kontestasyon kont Aristide akóz chimè li yo te atake etidyan, vòl lajan kooperativ, atak kont jounalis, boule radyo, boule biwo pati ak kay lidè politik, asina jounalis Brignol Lindor, Jean Dominque, rebelyon Lame Kanidal ke Aristide te kreye pou atake advèsè politik li nan latibonit, elatriye. Te gen tou, mouvman ansyen militè nan Plato santral.
Sa se enfòmasyon w dwe konnen.
Si rejim lavalas la te arive touye fanm polisye Marie Christine Jeune apra asasen te vyole’l, foure zam andedan’l paske li te refize obeyi lòd Aristide pou bay chèf gang Lame Wouj lanmen tout tan li pa remèt zam ilegal, komisè Guy Philippe te gen chans kite peyi-a. An 2003, lite retounen pou fè inite kòmandman gwoup ame kite detèmine pou jete prezidan Aristide. Nan sans sa, li te montre’l yon lidè ki kapab oganize epi kreye konfyans lakay rebèl kite leve kanpe kont prezidan Aristide.
Sa se yon ti rafrechi memwa pou moun ki blye konteks jeneral evènman 2004 yo, se yon mesaj pou tout moun ki fenk rantre nan politik. #LeReCit
@alfredoantoine Depite fòk nou onèt monchè. Siw te byen ak Izo yè lèl te moun debyen an, se sèten jodia li pa tap zanmiw ankò ew pa ta ka pè di tou li son bandi. Paskew te ede zanmi an jwenn pòs la pa vle di li oblije tolerew nan malvèzasyon zanmi'm. Lap pi bon siw al defann tèt ou lajistis.
@richardsenecal Efektivman jou peyia va kòmanse chanje ap gen plenyen. Ekip ki va deside chanje peyi sa pral gen anpil lenmi paske yo pwal gen pou pran yon seri de gwo mezi enpopilè. Men frèm se pa sèl Ayiti; nenpòt ki sosyete kote moun yo fin konfòtab nan dezòd pap janm fasil pou korije.
@DjovanyMICHEL01 Mwen sam pa konprann, se jan misye kouri kite peyi-a ak tout boulin apre lanmò sitwayen-an. Ayiti se espas la ki piti, men nou gen koze. Rest in peace Jomo, the so-called criminal!
@emmadouyon Mwen la pase plis ke 25 lane map gade nou. Nou tout ap vann menm salte yo, nap benyen nan menm labou a, nou ap vann menm machandiz yo. Sak pi rèd la, nou sitou kritike lè esperans nou pa konble ak lè grangou mòde nou. On bann pa serye ki vle bay pa serye leson.
@SoleilTafa@amazan_charly@TICKETmaghaiti Mwen diw "KOURAJ"! Men li tap gen plis sans siw te eskize'w oprè tout fanatik ou yo olyew tap pèdi tanw reponn detraktè'w yo. Pran tanw bay fanatik yo love pito atis, yo bezwen sa. Anpil nan moun kap palew mal yo pa menm konnenw. Kouraj bèl fanm!
@IzovilajdeDye San sal, grapyay! Avan lontan nap konjige'w o pase. Embesil! Ou jwenn vye chante sansal tankou Topson ak yon pil lòt ki bòw valè, ou panse'w son moun. Se pa ou ki moun non Mas mikròb, se yo ki san sal. Vòlò aprann wont! Ou pa ta dwe sou moun!
@LuckNews88 Hi Luckson, mèsi pou travay ou! Eske mwen dwe inisyalman fil pou timoun nan tou oubyen mwen ka just ajoute'l nan dosye paran lè paran fin jwenn konfimasyon?