Operasyon/Misyon Bukele
Pou moun kap pozem kesyon sou ekspè kap kòmante e ki di Bukele pap reyisi yo.
Sonje sa: Pou ekspè a fè yo kòmante ki ekilibre fòk li pagen “konfli denterè”
Sonje Bukele pa yon novis nan sa li vle fè a. Pa bliye ofisye ki an chaj de operasyon/misyon an wè konba deja.
Kite Bukele travay👌🏿
@RenaldLuberice@nayibbukele Ou fè yon bèl rale
Men
Konbyen politisyen Ayisyen e gro toro ak vès ki ka gade tèt nou nan glas poun ta di nou pagen lyen ak gang ki anpeche malere Ayisyen viv tankou moun sou tè papa Dessalines nan?
@nayibbukele Antouka ou touche kè anpil Ayisyen. Malere ak malerèz ke gang yo anpeche viv kwè nan ou. Pa fè nou ront e konnen ke majorite Ayisyen ap chofe pou reyisit ou an Ayiti. Nap priye pou ero ou yo ki vin ede nou👌🏿
Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
@nayibbukele Mèsi ak ou e pèp Salvadoryen an. Depiw bay rezil tout Ayisyen konsekan ap rekonèt nou gen yon dèt anvè peyi ou. Nou paka rete tann delivrans lan👌🏿. Nou bouke.
@coachbenbens Non ou pa kòrèk paske efektif sòlda ki deplwaye pa sou rezo envalib konsa. Nan langaj militè gen yon sig ki se Operations Security (OPSEC) kap fèw konpran tout sa wap tande nan media yo sou konbyen Salvadoryen ki sou sòl la se blòf. Frantz Dorsainvil👌🏿