Pèp ayisyen,
Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.
Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.
Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo.
Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo.
Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an.
Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo.
Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti.
“Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.”
2 Kwonik 7:14
Ede nou ede Ayiti.
Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
@Stevex00712 Pam yo telman san prensip🙆🏾♀️ yo konn vinn lakay la pandan mwen pala, yo fè jounen an manje tout manjem pa kite menm yon kiyè pou mwen, mete chanm mwen tèt anba,pran ti mounen yo jwenn🤣🤣 lem vini pou manman dim
Hey parey ou yo apenn ale la wi😀😀
Rutshelle Guillaume a célébré ses 12 années de carrière au MGM 𝕸𝖚𝖘𝖎𝖈-Hall à Boston le 11 octobre dernier. Retour en images sur une soirée riche en émotions. #tickettoupatou
.
.
📸 Jerry Alexandre @jerry__alexandre
204 & 206 JUST JOINED THE SOLD-OUT LIST. 🔥
Boston, you’re not playing around.
Section 204 — SOLD OUT
Section 206 — SOLD OUT
More sections are disappearing as we get closer to October 11. If you still need your ticket, now is the time.
📍 MGM Music Hall at Fenway
🎟️ https://t.co/yypcjpPNq3
81 millions d’écoutes sur YouTube Music pour mon album 12 ERA ! 🥹❤️
Merci, mes amours, de faire vivre chaque chanson. Votre amour et votre soutien me touchent profondément. Cette belle aventure, c’est grâce à vous ! 🙏🏾✨
Now it’s time to get those floor tickets SOLD OUT! 🔥🎟️ Let’s go!
Go to https://t.co/6yIoB2D0fU and get yours now. Let’s goooo!
M pa vle nou rate okazyon sa pou sèlman 79 dola 🙌🏾🙏🏾