sispann BOULE AFè FRÈ nou kap SIBI menm bagay AVÈ NOU .. epi MOUN nou bezwen yo nou konn KOTE yo ye . Sak fè’n pa Itilize 3 JOU GRA yo pou’n REVANDIKE , tout NÈG kap fè nou pase MIZÈ sa tout ap la Pandan 3 JOU yo ..OLYE NOU al DANSE al pale Avè yo ... Se pa fe KK nan figi moun
bravo,mte di io sa
mte di io olye de 3jou gra
sa fè nou pafè 3jou #petronaval pito
paske leta pajanm di anyen
sou kesyon lavi chè sa
ta sanbl io pa tande nan zòrèy
nou pa ta pral kraze brize fè krim non
men nou ta pral desann pantalon dirijan io
se sel fason pou io tande nou
Nap f kanaval pale d pwoblèm peyi an, pandan ke nou younn pa prè pounn di ane sa nou pap f kanaval.
Nap plenyen d dola Ameriken kap monte, pandan ke chak dimanch nal banbile.
Pinga aprè kanaval nou vinn plenyen. An pasan map fè nou konnen ke bwat lèt vann 30goud kounya.
map
parye
avèw
si POLKY ou KRÈK KOKO ou AGRANMAY
ale
pou
prezidan
yap PREZIDAN yo re PREZIDAN ankò
😂😂😂😂😂😂😂😂paske zye Ayiti pa fi n bon
😢😢😢😢😢😢😢😢se sakfel tonbe nan sal ye la
Monchè banm
zòrèy mwen
avek ou sot tande prezidan ap di
AYITI CHERI
kapab se ak yon fanm lap pale li just di
AY TI CHERI
fok ou pran sanw tande lh ion moun di
AYITI CHERI avek AY. TI CHERI
2006 nou te gen
#3FÈY ☘
Li te egal ESPWA
3fèy pran di reksyon sèkèy
SA VLE DI LI MOURI
2010 nou te gen
#TOWOBÈF 🐂
ki egal REPONS PEYIZAN
towo pran direksyon Zèb
SA VLE DI LAL GRA
Nou vin gen
#ponyèt ✊
ki egal BANNANN🍌
bannann pran direksyon pouri
SA VLE DI LI PA BON
ou peye machine ou al lavil
ou wè anpil kokoye
ou achte yon kokoye
ou pansel ka bon
lew rive lakay ou li pabon
se menjan lèw al vote
ou we anpil prezidan
ou vote youn
ou panse l bon
poutan li pi mal ke yon
bannann pouri
lòt la te fè'n konprann
lèw prezidan wa konprann
poutan
sa te egal apre reponse peyizan
an wap bannann
se vre nou bannan
nou telman bannann
nou pran nan fo bannann
Ayiti pran nan bannann plastik
kanaval demele
sa raplem nap kriye
lontan ui nan kanaval
se pimal peyi n
vin pimal
Èske se kòb nou bezwen tire kifè nou pafè 3jou sa tounen yon 3jou #Navalpetro
pou n di aba lavi chè
poun al desann kanson dirijan io
paske se nan tou b...yo tande
kife yo pa tande bri pèp la
Ayiti te resevwa
yon #towobèf
akoz li kanmèm
nou te fè pon
sa yo rele
route anlè
ki sou #Delmas
1%nan #timanmi
cheri nou yo
te jwenn
kèt tigoute
Men kounya Ayiti
resevwa yon #bannann
nan ret tann
epui bel pwomes
#Bannann nan
pouri nan men nou
timamit diri 50gds
$us #87gds
On pakèt ayisien mouri nan pran bato pou chèche lavi miyò, se rezilta grangou, mizè , paske yo paka jwen travay! Foto yo fè mal ampil, mwen pito pa poste yo, men fòn fè on bagay pou sa sispan!
Lavi moun dwe gen plis valè ke sa! 💔🇭🇹
Lè nap antre yon Atis etranje an Ayiti, nou fè tout radyo ki nan kolòn lan, jwe mizik Atis sa chak minit, poun ka antrel nan tèt moun kap vinn peye pwogram lan, nan pwen ke yal aprann lirik mizik yo. Poukisa pa janm gen menm mas pwomosyon sa pou jèn talan pa nou yo? 💭💭💭
Dirije yon JADEN #BANNANN
pa vle di ou ka dirije yon #peyi
si moun kitap travay nan #BANNANN nan avew
konn ap plenyen janw konn ap #Maltretew yo
se normal siw jwenn dirije ion #peyi pouw #maltrete tipèp la
sak ta di si ta gen milat ki nan mawon pou
#kotkobpetrocaribea