⭕️ENFO | Nan lannwit madi 7 pou louvri mèkredi 8 jiyè 2026 la, bandi nan « Viv Ansanm » atake lokalite Robin, seksyon kominal « Grand Fond ». Pandan atak sa a, gang kriminèl yo touye plizyè manm nan popilasyon an, kidnape plizyè lòt, epi boule divès kay. Fas ak sitiyasyon sa a, anpil fanmi oblije kouri kote kay yo pou yo pa viktim. Konsèy minisipal mande yon ranfòsman operasyon sekirite yo, yon fason pou ka pwoteje abitan Kenscoff yo, epi retablu lòd piblik nan komin nan | @rtvgalaxie
🚨 Lionel Messi explique pourquoi il a fondu en larmes ! 🥹🐐
"J'ai pleuré car je sentais que j'avais déçu mes coéquipiers avec mon penalty raté. Puis, la manière dont je l'ai tiré...
Mais heureusement, une fois de plus, Dieu avait quelque chose de spécial pour moi à la fin. Je suis très heureux."
(Zone-mixte)
#Technology: Meta tèlman sou fè lajan, yo oze kite piblisite pase sou WhatApp prive telefòn moun. Pou yon konpayi rich konsa desann ba konsa nan piblisite. WhatApp sipoze rete yon espas prive, pa kote moun woule Ads.
Update: Desizyon DHS lan pa afekte moun kap ranpli azil nan moman, ni moun ki sou wout pou ranpli kat travay C08 anba azil (aprè 150 jou yo). Sèl grenn bagay pou konnen: si ou te fè yon entèvyou deja, lap pran tan pou jwenn yon desizyon final lakòz pòz la.
Dosye sa poko gen 20 minit depi li ale.
Update: Pou m ba nou tout laverite, Administrasyon an ap jefò ak moun ki te vini sou Biden yo ak sa ki te vini sou fwontyè yo. Sou kesyon zafè moun kite aplike pou kat travay anba (C08), depi yo gen bon rezon oubyen byen prepare yon experdite request, yap pwosès kat yo rapid vit.
📌Daprè yon dokiman New York Times rive egzaminen, objektif demach sa a se pou administrasyon Trump lan ka anpeche migran sa yo itilize sèvis finansye esansyèl yo tankou : kont labank, kat kredi, epi entèdi yo gen aksè benefis gouvènmantal yo | @nytimes
Si tout fwa ou travay lannwit epi apènn reveye souke dlo nan bouch epi pran bòn nouvèl sa:
Sou desizyon ki te gen pou pran pou tèmine
Pawòl pou moun ki te vini sou CHNV jou 24 Avril ki pa lwen rive la, Jij federal, Indira Talwani ki te boule 64 lane nan mwa Otòk ki sòt pase la mete yon ola! Jij lan te lage l san filtè devan avoka gouvènman epi di “Imigran sa yo ki te antre nan pwogram Biden ( jan yo rele l la) , te antre isi legalman,” sa vle di yo pa vyole okenn lwa.
Aprè jij lan te rale agiman sa, avoka gouvènman yo te te rale yon bèl silans, jwenn rasyonèl pou bakòp rezon pou yo kanpe pawòl avan dat li an ak revoke
kat travay C11 yo ki anba kategori sa pa fasil .
Ti tweet sa, se yon ti mòso mwen pran nan chodyè pa nou goute, rès nouvèl yo dèyè toujou, pa bliye rete konekte.
Imigrasyon : Yon ti soulajman tou piti pou moun ki te vini nan pwogram Biden nan, yon jij federal nan distri Indira Talwani kapab bay yon òdonans pwoteksyon tanporè ak moun Pwogram Biden yo, an atandan li evalye dosye a, daprè sa jounal @MiamiHerald rapòte, avoka imigran yo di yo optimis sou sa, jij la tande 2 pati yo deja, jij la santi li twouble nan agiman administrasyon Donald Trump la evoke yo, nan 2 semèn ankò, 7 avril ki ap vini la jij la pwograme yon lòt odyans, jij la angaje li ak 2 pati yo, men li pa di kijan li pral deside sou sijè sa, Esther Sung, direktris justice action center a di jij la mete an priyorite moun ki touche pa chanjman sa Administrasyon Donald Trump la pran nan politik imigrasyon peyi a.