Yon gwoup touris te ale vizite yon basen kayiman Endonezi pandan vizit lan te gen yon milyonè ki bezwen pimante okazyon an li deside lanse yon defi.
(NenpΓ²t moun ki plonje nan dlo an epi ki rive naje soti map bal yon milyon dola)
Toudenkou te gen yon silans simityè ke pèsòn pat ka eksplike ,kek segond aprè yo tande Boum yon Jèn bray plonje malgre lap rele anmweeeeey li rive naje soti sen e sof!
Chòy di! Chòy fèt!
Nèg lan touche kòb li epi kòm madanm li te la li pran li ale sou aplodisman lòt moun yo!
Sou wout lan misye di cheri mwen pat lage kò m nan dlo an volontèman non m santi yon moun pouse m!
Fi an reponn: Se te mwen wi papi!
Moral istwa an " Dèyè chak nèg ki reyisi,toujou gen yon fanm ki la pou te bal bourad"
Pa bliye retweet tweet lan πππ