Li vreman pa posib pou yon rezo deside koupe siyal li konsa nan yon depatman! #natcom si fanmiy ou pa diw anyen, gen moun ki gen fanmiy ki enkyè pou yo e ki bezwen nouvel pwoch yo! RETE!!!
2023
Gen jouw m leve m febli, men gen jou m leve m strong e m konn menm sezi, m pa regret ou kom ane paske m aprann anpil, sou mwen sou antouraj mwen! 2024, lit la ap kontinye! Ane kouraj✊️
Ou ka toujou la pou moun, pouw remonte moral! Men le se ou ki bezwen sa, ou ka pa jwenn moun la pou ou! Se la wap fe fòs ou pouw soti tèt ou poukòw! Wap ri men sel ou ki konnen jan wap soufri!
Mezanmi bay peyi a on chans! M pa mande nou fel pou tèt nou, m deja wè nou pa vle wè pwop tèt ou! Fèl pou timoun yo, yo bezwen viv! Ba yo chans al lekol, al sou plas, al bwe fresko, flannen nan lari, sa pitit nou yo ap jwi kote nou voye yo a mesye, bay timoun Haiti yo chans sa!