Ki sa ki eksplike jodi a ankò polisye mèsenè ki ap travay pou dirijan mèsenè ap fè zak maspinay sou yon popilasyon ki pran lari pou defann dwa li !
Nou pran gaz ,nou pran bal, nou dwe di ase !
Kounya se nou tout ki dwe pran beton an !
Jiskobou !
Jiskoubou !
Jiskobou !
Lè Ayiti ap soufri, mw soufri avel menm lè anpil fwa mwen santim enpisan e santiman enpisans sa toujou mete dlo nan jem.
Mon passage au journal de 13H sur @france2#France2#Haiti#paris#Ayiti
Jodi 8 mas, se jounen Entènasyonal dwa fanm yo! Rèv mwen pou nou medam, se plis ke egalite, paske n pa gen parèy ! Sakrifis ak kouraj nou depase limit! Mwen gen yon panse spesyal pou ouvriyèz ki te akouche pa fòs lan dènye mach pou ti chocho diplis la! Bon konba!
Nou aplodi vizit delegasyon USA nan Venezyela. Nou swete yo bon kowoperasyon; nan respè youn pou lòt, nou pa bezwen konnen sa k te pale.
Nan konfli Ikrèn/Larisi, nou kondane OTAN, UE, USA ki pa favorize solisyon lapè. Nou ankouraje dyalòg pou yon lapè dirab nan enterè 2 pèp yo.
Vyolans ak represyon k ap fèt sou ouvriye yo, paka yon bon repons a revandikasyon yo. Se pa la charite y ap mande, se ajisteman salè y ap reklame!
Nou mande leta ak patwon yo pou pran konsyans. Sosyete a deja frajilize, yo paka ap mete abse sou klou.
Depi plizyè jou, malere k ap bat dlo pou fè bè nan faktori Pòtoprens ap revandike yon ti kòb anplis pou yo ka viv kou moun. Pèsonn pa pran ka yo, kòm si revandikasyon an pa jis. Nou di yo Kouraj, viktwa se pou pèp k ap goumen!