Tout pale anpil sa yo montre gen nan nou ki poko reyalize vrèman nan ki nivo Ayiti rive jodi a. Mwen te kwè reyalizasyon istorik sa a t ap mete nou ansanm, menm si se te sèlman pou yon mwa.
Kijan nou espere enspire pwochen jenerasyon an si se konsa nou trete moun ki rive fè sa okenn lòt jenerasyon pa t rive fè pandan 52 ane?
Pa gen moun ki pafè. Nou pap janm nan plas Grenadye yo sou teren an. E mwen garanti nou yon bagay: pèsonn pa gen plis anvi fè gòl, genyen match, epi fè Ayiti fyè pase jwè sa yo. Se ak motivasyon sa a yo te rive kalifye, pandan yo pa t menm gen chans jwe nan peyi, e pandan majorite nan nou pa t menm konnen kiyès yo te ye.
Kritike se yon dwa. Men rekonèt efò, sakrifis ak grandè reyalizasyon ti mesye yo se yon responsablite tou.
Pou Ayiti. 🇭🇹
@LynnGedeon@Jean_Robertooo Ui gen lkol pou sa yo. 2013 Mw t aprann li Institut Francais le m t ale nan premier Job mwen 2014 se yn test Excel yo t fem pase bien senp sim pat aprann li m pa tp gen job sa 🤷🏽♀️.
Toujou gade byen kijan moun trete w, se la w ap jwenn verite a.
Pa sèlman koute sa yo di, obsève sa yo fè…
Fè atansyon a kijan yo:
✅ Enkli w
✅ Sipòte w
✅ Selebre siksè w
✅ Ankouraje w
✅ Reyaji lè w pote bon nouvèl
✅ Respekte limit ou
✅ Reponn lè w bezwen èd
Pawòl fasil pou di men, aksyon se prèv.
Noun ka toujou di yo la pou ou men konpòtman yo ap toujou montre w verite a.
Pa inyore siy yo…
Pa jistifye sa ou wè klè…
Toujou kwè sa moun montre w…pa sèlman sa yo pwomèt ou.
Bon Vandredi 🙌🏾
Ⓢ𝓸lè𝕪 ☀️♟️