Carel tou jwenn on dwoum klowòks pou l lave tèt li pandan l bliye lè n t ap denonse deriv Miki ak dilapidatè parèy li yo li menm se kanaval li t ap planifye pou vin fè lajan sou fatra channmas🤔 san bliye chak moun k lanse li vin ak on zen sou rezo a .
@Celi_Esti Se paske w di l pa posib wi ki fè m di sa, e moun ki konnen ap konn sa k imitasyon. M pa pale de dosye moun ki nan foto a paske se premye fwa m wè l, m pa konn anyen de li.
M toujou konseye tout fanm fè tankou m, yo pral di w se kò w ou pa renmen,se konplekse w konplekse, lespri w pa ouvè bla, bla, bla, zafè. Si yo pa ka wè l an dirèk, ke yo pa wè l ditou.
Moun yo kokorat twòp.
Èske fanm sa yo konnen se pa sèlman patnè l k ap wè foto entim yo ?Èske yo dakò pou foto yo pataje ak yon 3èm moun ?
Poukisa yo reponn lòt fanm yo tankou se ou menm ?
Poukisa w konsidere sa kòm yon bagay ki nòmal ?
Epi ,poukisa kokoratism fè w fyè konsa ?