Pandan mouvman Leve kanpe yo, toujou sonje :
- Yon fanm ansent ki gen tranche PAKA TANN
- Yon ijans pou sezaryèn oswa lòt operasyon PAKA TANN
- Yon moun kap senyen ki bezwen SAN, PAKA TANN
Pa bare Anbilans, pa entimide moun ki pran lari pou sove vi yon pwochen!
Kriz ki gen peyi gen gwo enpak sou kapasite pou n jwenn timoso lasante.
Yon tes SIDA pemet ou konnen estati w pandan w ap kontinye pwoteje tet ou ak moun ou renmen.
Mwa Janvye se mwa sansibilizasyon sou kanse kol matris.
Pa bliye :
Timoun (tifi kou ti gason) a pati 9 lane ka resevwa kont viris ki koz kanse kol matris la.
14 novanm : Jounen mondyal maladi sik. Maladi sa ka koze gwo dega sou Je, Kè, Ren, Pye, ... Si w fè sik, pran medikaman w komsadwa epi pa bliye wè doktè w regilyèman.
Kondisyon peyi an vin difisil. Men an n pale serye :
- Ki dènye fwa ou fè yon tès SIDA ?
- Ki dènye fwa ou fè kontwole Tansyon w?
- Ki dènye fwa ou fè kontwole sik ou?
- Ki dènye fwa ou wè yon doktè?
Si w pa sonje depi kilè, fè yon reflechi, planifye yon vizit nan fen ane an
Nan moman li fe cho anpil yo :
- Bwe anpil likid
- Evite rete anba soley lan san bezwen
- Evite bwe alkol
Pwoteje timoun yo ak moun aje yo, kite yon nan bon lonbraj ak freche pliske posib.
Sonje :
Anpil maladi evolye an silans, pase wè doktè w pou yon chekop regilyèman.
- Fè kontwole tansyon w. Nomal lan pa dwe piwo pase 130 / 80 mm Hg
- Fè kontwole sik ou. Li pa dwe piwo pase san si w poko manje
Les réactions sont rapides au sein de la famille #strémy. La fille de #kiko qui est également la belle-fille du fugitif #eustachestlot prend les devants & ferme son école de danse...
#Haïti#blanchimentdesavoirs
@carelpedre Se pèsonèl Ayisyen ki te fè premye evalyasyon pou verifye eta èpòt Jeremi an, e depoze premye ekip swen yo.
Se pèsonèl Ayisyen ki te kòmanse prizanchaj premye viktim yo nan Jeremi, okay, miragwàn, petitrou, ...
SE AYISYEN KI KÒMANSE METE MEN POU SOVE FRÈ NOU KI VIKTIM YO!
@volontelibre10 Si w Santi tout siy sa yo ansanm, gen yon Gwo chans Pou sik lan ta wo, Sitou si w gen Paran ki fè Maladi sik lan.
Enpòtan, se fè chèkòp 1 a 2 fwa pa ane Pou asire w tout bagay anfòm.