SDPJ nan sid mare kou krab Jean Cherley Thiong ki ta yon alye ansyen CG Ronald Richemond akòz pèmi zam li ki ekspire. Non Jean Cherley te site byen fò nan lanmò Reginald ki te nan baz vèkèlè.
Dosye a suiv…
Tande koze
Etazini ka sanksyone Brezil ekonomikman.
Administrasyon Trump lan louvri yon ankèt sou PIX, yon sistèm peyman Brezil itilize, ki gratis e san biwokrasi. Gouvènman Ameriken an fè konnen sistèm peyman sa menase enterè finansye Etazini e se yon konkirans ki pa jis.
Massenat Lebelt se non etidyan sa a ki nan dezyèm ane diplomasi nan inivèsite CEDI, li resevwa yon bal nan kou pandan l nan sal de klas. Malerezman , li mouri sou plas.
Se plis pase 1700 moun ki mouri ant oktòb a desanm 2024 la selon BINUH. Sèlman pou lane 2024 se anviwon 5626 moun ki mouri ak 2213 ki blese nan kad vyolans ki gaye nan peyi a.
Police Nationale d'Haiti stope jodia jedi 15 out la Cassales Blanco alyas Gwo Fanfan ansanm ak plizyè endividi nan zòn kafou Rita nan kad yon entèvansyon.
Pa bliye yo te arete misye deja nan mwa avril 2022, yo te akize l kòmkwa l konn founi materyèl ak minisyon bay nèg 400 m4wozo yo. E se misye ki gen otèl Anvayi nan Tabarre.
Gwo tristès! Gade kòman jenn gason sa pete kriye lè l ap esplike kòman plis pase 40 moun disparèt nan pran kannòt pou kite peyi a. Bagay la tris mezanmi!
Plis pase 40 moun disparèt apre yon bato ki te gentan anviwon 80 moun pran dife. Selon enfòmasyon nou jwenn, moun sa yo t’ap pran bato pou y’al pwovidansyal. Bato a pran dife pandan yo t’ap fè yon seremoni mistik.
Jounalis Sergio Rodriguez ki fè plis pase 23 lane ap travay nan VOA kreyòl mouri samdi ki te 6 jiyè 2024 la nan yon lopital ozetazini apre yon long maladi selon sa Valério Saintlouis fè konnen sou kont facebook li.
#tandekoze
Marcelin Myrtil tout moun konnen sou non nèg arab la fenk jwenn arestasyon l zòn delma 43 pandan l t'ap sot resevwa yon plak donè nan men patizan Jovenel Moise yo pou gwo travay Arab ap fè pou Jomo ka jwenn jistis li. Pa bliye arab te gen avi de rechèch dèyè l.