Lèd ou bèl se konesans ou ki ap baw vrè valè w⚡
Yon lè yo pap fokis sou fizik ou depi w gen bagay nan kràn ou
Se limyè w pote a yap itilize pou pale de ou
Flash la met led yo pap pè mete pil neuf ladanl
Ou mèt abite nan chato depi w se yon pòv ou k pou ouvri baryè w
#batbètou
Nan jou kap vini la yo ou pral gen lòt statut,moun pral kòmanse wèw yon lòt jan,mwen mande Bondye se pou li fèw jwi tout benediksyon li te rezève pou ou yo,nan yon ti tan ki twò long ou pral tounen yon sous benediksyon pou anpil moun,tout ekplwa,tout pwogrè manmanw,papaw pat fè ou pral fè tout,fanmiw,zanmiw pral fyè de ou . 👌
M bay mesye yo rezon,ki lè yo konnen gen twonpri nan relasyon an yo pa ret ak fi a,
Depi lèm mkonnen sa tou,mwen pa resanti anyen pou moun sa ankò…
Pou yon moun ke m te damou nan nivo sa,epi pou l pa fè okenn efè sou mwen ankò???
Mpa rayi l m jis vin santi lanmou an fini
Wow😎
Map felisite kouraj dam ki al reprezante nou an,e map mande nou stop a asèlman yo;
Dam nan al reprezante NOU,epi pou nap mache fè kòmantè negatif anba paj konkou a,
“C’est trop”
M eseye konprann kritik sou stil yon moun men jijman sou FIZIK la se ASÈLMAN sa ye.
Fè sa pou HAITI🙏🏾
Evite li nenpòt bagay byen fò
Evite gade bagay ki fè w adikte
Evite soumèt ak kapris moun ,ki jis vle w vini e ki pa deplase pou rankontre w
W a dim mèsi yon jou,lè w fin dekouvri kisa ki konn rive si w fè yo,
Prepare w pou w asime konsekans yo si w te toujou konn fè sa yo!
Kòman fè w se gason
Bouch ou sal
Fanm ka bouch sal,fanm dwe pale nenpòt jan?
Se pa ke gason ou fanm dwe gen bouch pwòp ou sal
Se pran tan nou fòme tèt nou
Gen mo ki twò pike pou di yon moun,li ka tèlman wont li fè kolè
Kontwole lang ki nan bouch ou
Valab pou fi kou gason OK?
Jan mond sa prale a la a: Si n lwayal komanse diminye ladanl,sinon n pral soufri anpil!
50%Ipokrizi 50% lwayote ,pou n te viv si n te gentan konn sa pi bonè…
NB: Mpa di n pa ret lwayal non,men prepare n pou n soufri!