Petèt youn nan pi gwo siy sajès se lè ou aprann ke ou pa bezwen genyen tout batay.
Ou pa bezwen reponn tout moun.
Ou pa bezwen pwouve tout bagay.
Ou pa bezwen pouswiv tout opòtinite.
Ou pa bezwen di wi ak tout sa ki bon.
Paske matirite pa lè ou aprann fè plis.
Matirite se lè ou aprann fè mwens, men fè sa ki vrèman enpòtan.
Priez toujours pour l’alignement : être au bon endroit, au bon moment, entouré des bonnes personnes. Car parfois, ce ne sont pas seulement vos efforts qui changent votre vie, mais les opportunités et les rencontres que vous placez sur votre chemin.
Yon moun ki pa ka apresye sa li genyen jodi a pap apresye sa li jwenn demen non plis.
Pa gen okenn kantite lajan ki ka ranpli yon kè ki toujou ap gade sa li pa genyen.
Pa gen okenn siksè ki ka satisfè yon lespri ki bliye di “Mèsi”
Depi w depase 18 lane antanke gason, pa gen lanmou enkondisyonèl pou ou ankò.
Pa gen fanm k ap renmen w san rezon.
Fanm nan ap renmen w pou sa w ye oubyen pou sa w pral vin ye.
Chèche enpòtan !
Gen kèk moun ki antre nan lavi ou epi yo pa chanje desten w.
Yo chanje fason ou wè desten w.
Yo fè w panse pi gwo.
Yo fè w reve pi lwen.
Yo fè w wè posibilite kote ou te wè limit.
E pafwa se sa menm yon moun bezwen pou lavi li pran yon lòt direksyon.
Gen kèk gason ki pa bezwen plis fòs.
Yo bezwen plis espas pou yo moun.
Paske dèyè tit “papa”, “mari”, “frè”, “direktè”, “lidè”, genyen yon moun ki pafwa pè.
Yon moun ki pafwa dekouraje.
Yon moun ki pafwa fatige pote tout bagay.
E pa gen anyen ki fèb nan sa #Santemantalgason
Nou viv nan yon sosyete ki renmen sa yon gason pwodui.
Lajan li.
Travay li.
Sakrifis li.
Pwoteksyon li.
Men anpil fwa, menm sosyete sa pa enterese nan pri emosyonèl li peye pou bay bagay sa yo.
Nou selebre rezilta yo.
Nou inyore chay la #SanteMantalgason
Ògèy se youn nan kèk prizon kote moun antre poukont yo epi yo pase lavi yo ap defann pòt la.
Li fè moun pito pèdi yon relasyon pase admèt yo te aji mal.
Li fè moun pito soufri an silans pase mande èd.
Li fè moun pito rete vid pase aprann.
Paske pou ògèy, gen yon bagay ki pi enpòtan pase lapè e se Gen rezon.
M gon konsèy pou paran yo 👉🏽 pa konfye pitit ou a kras moun . Kit se tifi kit se tigason 🤷🏽♂️ pa konfye pitit ou a kras moun . Mond sa son mond pèvè donk pwoteje timoun yo pito !
Jèn yo toujou ap plenyen granmoun yo pa kite plas la pou yo. Sa yo pako konprann (e petèt yo p ap janm konprann), pa gen moun k ap leve kite yon bon plas ba ou nan lavi a. Se ou ki dwe twouse ponyèt ou, demontre valè w epi pran plas pa w nan sosyete a. Sinon ou riske pase tout vi w ap fè ti kriye.
Byen materyèl fè moun zanmi moun anpil
Lè w pa gen machin y ale kite w
Lè w genyen yo ret tann ou
Lè w pa bezwen manje lakay moun yo ofri w
Lèw gen bezwen manje a yo sere l
Lèw pa bezwen kay pouw al rete yo di w kilè wap vin fon 2 semèn?
Lèw pa gen kote pouw abite yo pa envitew
Gen anpil deriv ki te ak evite nan sosyete si:
- paran te fè pitit yo ka okipe
- paran pat fè pitit jis pou lasosyete pat met bouch sou yo
- paran pat atann pou timoun nan vin okipe yo
- paran sa yo, avan yo te al fè timoun te konnen se pa tout moun ki ka paran
Edikasyon familyal dwe fèt
Edikasyon seksyèl ak planning dwe aksesib pou tout moun, tout kouch nan sosyete
Konsa, gen bagay nou ka evite