Semèn sa m wè direktè ONI an g on sèl mache prese nan bouda l pou kat, lò m di l sa k pase konsa DG? li di m c eleksyon ki pral genyen , m di l nan ki peyi? li di m nan 8 depatman
Nèg isit konn nan kaka ak moun 😂😂😂😂😂😂😂😂😂😂
La a nou ka pale.
An reyalite mwen pa renmen fè echanj avè w paske mwen estime nivo fanatik Jovenel Ou anpeche w gen yon rezonman kòrèk.
Men la a, lefèt ke ou fè prèv onètete nou ka pale.
1. Ou rekonèt dosye a pat gen okenn afè Jovenel ladan. E se sa a ki te pozisyon pa m paske mwen konnen anpil nan Jovenelis yo se eksplwatasyon politik y ap chache.
E Mwen te gen enfòmasyon klè pat gen koze Jovenel nan dosye a.
Donk pat gen okenn “Ti pa Ti pa”
2. Valerio Saint Louis gen merit li paske se li ki vini ak dosye a avan tout moun men li di yon bann koze ki pa egziste: Alligator Alcatraz, FBI, dosye Jovenel.
3. Fòk mwen rekonèt tou, nan yon premye tan ni mwen ni Miami Herald pat gen lòt pati enfòmasyon FOX genyen an paske nou pat avanse koze enplikasyon Boulos nan finansman gang depatman deta akize l la
4. Ou gen rezon lè w te di dosye a gen plis ke sa Miami Herald di a. An men m tan ou gen tò lè w t ap rale bann koze Jovenel ou a.
5. Fòk mwen di w tou, yon moun oubyen yon medya ki pa avanse sal pa konnen li pa an tò. Se moun ki avanse yon enfòmasyon ki pa egziste ki an tò.
Sa vle di ni mwen, ni Miami Herald, ni Luckson Saint Vil nou pa komèt okenn tò lefèt ke nou pa pale sa nou pa konnen.
Se sa a ki verite, se sa a ki prèv onètete.
Depi desizyon final lekòl lan al jwenn ministè edikasyon, menmke w fè l al fè l nan on lòt lekòl, lè l ap gen pou l al nan egzamen ofisyèl, leta ap remake sa a nouvo sistèm ki anplas lan.
Pa gen 1% moun Ayiti ki ap fe 75000 Goud ?
Jou yo ta va ap fe yon anket sou sa moun posede ak salaire sanble menm mwen mka mpap ka jistifye lajan m genyen pandan m pa gen yon goud 🤣
@emmadouyonlive Se 2 gwo albòm vre men w mal pati paske nan kesyon streams albòm sa yo pa fè siksè albòm 3 a ap fè la. N ap raple Dèf ak K-lib se 2 rapè underground.